31 jiyè 2026 fè twa lane depi kokennchenn jounalis Liliane Pierre-Paul te fè vwèl pou peyi san chapo. Jounalis Kettia Jean-Pierre deside rann li yon omaj byen merite epi pwofite di l bagay yo pa chanje.

Chè Lili,
Jodi a fè 3 lane depi vwa w te sispann reponn nou.
3 lane depi 31 jiyè 2023, lè nouvèl lanmò w te tonbe sou peyi a tankou yon kout loray. 3 lane depi kè w te sispann bat, men pawòl ou yo, pa janm sispann fè bri nan tèt nou.
Lili, mwen ta renmen ekri w jodi a pou m di w peyi a chanje. Mwen ta renmen di w tout batay ou te mennen dèyè mikwo a te fini pa pote fwi. Mwen ta renmen di w Ayiti reprann souf li.
Men mwen pa ka bay manti devan memwa w.
Lili, anyen pa chanje.
Gang ou te konn denonse yo toujou la. Yo kontinye ap simen dèy, chase moun nan kay yo, boule katye, kraze fanmi, fè timoun grandi ak bri bal nan zòrèy yo. Kidnaping toujou ap rache moun nan men fanmi yo, sa ki fè lavi yon moun toujou ka tounen yon machandiz nan kèk segonn.
3 lane aprè , pèp la toujou ap tann eleksyon. Wi sa fè 10 lane toujou pa gen eleksyon nan peyi a . Enstitisyon yo toujou sou lagraba . Pèp la toujou ap tann yon Leta ki pa sèlman egziste nan papye ak diskou, men ki prezan lè sitwayen an bezwen sekirite, lekòl, lopital, jistis ak diyite.
Leta toujou absan kote pèp la plis bezwen li.
Lili, timoun toujou ap leve nan peyi a san yo pa konnen si demen y ap ka antre lekòl. Moun malad toujou pa ka jwenn swen lopital . Gen manman k ap gade pitit yo soufri ak men yo vid. Jenès la toujou pa reve bati lavi yo lakay ankò; pi gwo rèv yo se jwenn yon pòt pou yo soti.
Ayisyen toujou ap pran lanmè. Yo toujou ap travèse fwontyè. Yo toujou ap pran wout yo pa konnen , mete lavi yo nan men moun yo pa konnen, sèlman pou yo ka kouri kite yon peyi yo renmen an , men ki pa rive pwoteje yo.
Epi lè yo rive lòt bò, se pa toujou diyite k ap tann yo.
Kay blan, Ayisyen toujou ap pran imilyasyon.
Yo toujou ap frape pòt lòt peyi pou mande yon ti espas pou respire. Yo toujou ap viv ak laperèz pou yo pa voye yo tounen. Yo toujou ap chèche yon kote pou pitit yo dòmi san kout zam pa reveye yo nan mitan lannuit.
Se sa ki pi fè mal la, Lili, yon pèp ki tèlman renmen peyi li, men ki oblije riske lavi li pou l kite l.
Ou te konn pale pou moun yo pa tande yo. Ou te konn poze kesyon pou moun pa t vle tande. Ou te konn rele bagay yo nan non yo, menm lè sa te deranje. Ou te fè mikwo a tounen yon espas rezistans, yon kote verite te dwe jwenn plas li.
3 lane aprè, gen jou nou ta renmen tande vwa w ankò.
Nou ta renmen tande w di: « Nan Radio Kiskeya Li fè 4 trè . »
Nou ta renmen tande jan ou t ap rakonte Ayiti jodi a. Jan ou t ap pale de timoun ki pa ka ale lekòl, fanmi k ap dòmi lwen kay yo, moun k ap kouri anba bal, jèn k ap kite peyi a, ak tout moun k ap tann yon demen ki pran twòp tan pou rive.
Petèt se poutèt sa absans ou lou konsa.
Paske anpil nan kesyon ou te konn poze yo toujou san repons.
Anpil nan batay ou te konn mennen yo toujou devan nou.
Anpil nan malè ou te konn denonse yo toujou ap manje peyi a.
Lili, 3 lane pase. Men Ayiti ou te kite a toujou ap rele.
Li toujou blese.
Li toujou ap tann jistis.
Li toujou ap tann sekirite.
Li toujou ap tann lekòl.
Li toujou ap tann lopital.
Li toujou ap tann eleksyon.
Li toujou ap tann Leta.
Li toujou ap tann jou kote pitit li yo p ap oblije chwazi ant rete pou yo pèdi lavi yo ou pati pou yo chèche diyite lòt kote.
E nou menm, nou toujou ap tann yon vwa tankou pa w la. Paske nan mitan tout bri sa yo, gen yon silans nou poko janm rive abitye avè l,
silans vwa Liliane Pierre-Paul la.
3 lane aprè, Lili, ou manke nou.
Ou manke laprès ayisyèn.
Ou manke mikwo a.
Ou manke deba piblik la.
Ou manke peyi a.
Men sa ou te kite dèyè a pa mouri, egzijans pou nou pale, poze Kesyon , denonse, epi refize fè lapè ak sa ki pa nòmal.
Repoze anpè, Lili.
Nou ta renmen te gen pi bon nouvèl pou n voye ba ou jodi a.
Malerezman, 3 lane aprè, anpil nan sa ou te konn denonse yo toujou la.
E se petèt sa ki fè nou santi absans ou pi plis toujou.
Lèt sa a ekri nan Edmonton, Albèta , Kanada 31 jiyè 2026
Kettia JP Taylor