Ki Fèt ki Kretyen?

feastFèt fendane yo pral rive. Kòm chak ane kounye a, anpil moun gentan kòmanse pare yo pou fè rara sou Facebook, di Nwèl se fèt payen. Nan Bib la, Payen vle di moun oubyen nasyon ki pa Jwif tankou Ayisyen, Ameriken, Kanadyen, Meksiken, Chilyen elatriye. 

Lè yon moun di w li pap fete yon fèt paske se pa fèt kretyen, se fèt payen, mande l ki fèt ki kretyen, ki fèt Jezi te mouri kite pou kretyen yo fete (Amwenske yon kretyen pa gendwa fete anyen, se sèlman chita nan yon kwen tann lanmò w). Anverite Jezi pat kite okenn fèt espesyal pou kretyen fete. Eske Jezi pat konn fete anyen pou kont pa l? Jezi te konn fete fèt Jwif yo, li te konn monte Jerizalèm al nan fèt Tabènak (Jan 7:1-52), elatriye. Antanke Jwif, Jezi te fete fèt Jwif. Èske jodi a yon kretyen dwe fè menm bagay la? Eske depi w vin kretyen ou tounen Jwif? Eske w dwe respekte rit, tradisyon ak koutim Jwif? Eske yon kretyen ta dwe al nan Ansyen Testaman (Levitik 23) pou obsève fèt Jwif yo yon fason pou l pa fete fèt payen? Premye disip yo te panse sa, yo tap eseye fè payen ki te vin kretyen suiv koutim Jwif, men li pat bon konsa. Pyè te youn nan moun ki tap fè sa, men Pòl te kouri dèyè l. Li te di l nan Galat 2:14: “Poukisa jòdi a wap fòse frè ki pa jwif yo (payen yo) pou yo viv tankou jwif?” Respekte koutim Jwif pa yon move bagay si w se Jwif oubyen w nan Jidayis (relijyon Jwif) men w pa ka fòse lòt moun respekte yo, ou pa ka di yon kretyen dwe fete fèt Jwif pou l imite Kris.
Men ki fèt yon kretyen ta dwe fete menm? Bagay sa ouvri gwo deba ki poko ap fèmen. Sèl sa m ka di, si yon moun pa vle fete yon fèt tankou Nwèl paregzanp, pa fete l, yo pap fòse w. Si w santi konsyans ou pa alèz ak tèl fèt, koute konsyans ou men kite lòt moun ki vle fete trankil.

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

One thought on “Ki Fèt ki Kretyen?”

Leave a comment