Facebook pa sèlman vle ede w kenbe kontak ak fanmi w ak zanmi w, kounye a li vle ede w jwenn yon mennaj tou si w poko genyen. Anpil moun te konn itilize Facebook deja pou jwenn fanm oubyen gason, men kounye a Facebook pral kreye yon aplikasyon kap pèmèt yo fè sa pi fasil. Se konsa Facebook lage kò l ofisyèlman nan gwo biznis lanmou an ak yon app ki rele “Dating”. Continue reading “Facebook lage kò l nan fè lanmou”
Month: May 2018
Yo Manke Touye Jounalis La!
Jodi a se Jounen Mondyal Libète Laprès. Jounen sa a se moman pou n sonje anpil goumen ki fèt pou libète sa a ka boujounen nan peyi dayiti. Se jounen pou n sonje sila yo ki bay lavi yo pou libète sa a, yon libète nou pap janm fin genyen nèt si n pa toujou ap goumen pou li. Nap pwofite sonje non jounalis ki pèdi lavi yo pandan yap fè travay yo tankou Gasner Raymond, Jacques Roches, Bignol Lindor, Jean Dominique, elatriye.