Facebook lage kò l nan fè lanmou

Facebook-954338Facebook pa sèlman vle ede w kenbe kontak ak fanmi w ak zanmi w, kounye a li vle ede w jwenn yon mennaj tou si w poko genyen. Anpil moun te konn itilize Facebook deja pou jwenn fanm oubyen gason, men kounye a Facebook pral kreye yon aplikasyon kap pèmèt yo fè sa pi fasil. Se konsa Facebook lage kò l ofisyèlman nan gwo biznis lanmou an ak yon app ki rele “Dating”.

Gen plizyè aplikasyon ki fasilite fanm ak gason rankontre epi renmen sou Entènèt. Pi gwo app ki fè sa a rele “Tinder”. Genyen tou Match, Zoosk, Meetic elatriye ki ofri menm sèvis la. Anpil fanm ak gason itilize app sa yo pou rankontre, pale, renmen, bati relasyon e menm konn rive marye.

Gen anpil aplikasyon, sitwèb ak lòt sèvis ki ede moun jwenn moun santimantalman. Se sa yo rele biznis lanmou an, yon biznis ki gen plizye milya dola kap brase ladan l. Ondire Facebook ta vle pa l tou nan lajan sa a kap brase a. Amwenske zafè lanmou sa a, se ta yon fason pou jeyan rezo sosyal la fè moun bliye tout eskandal mwa pase yo konsènan neglijans Facebook nan jesyon done pèsonèl itilizatè l yo. An 2015, Facebook te kite yon konpayi britanik ki rele Cambridge Analytica foure pat men l byen fon sou sitwèb la epi ranmase yon bann done pèsonèl san Facebook pa konnen. Lè Facebook vin konn sa an 2016 epi deside reyaji, li te gentan twò ta. Cambridge Analytica te gentan ranmase done pèsonèl 50 milyon itilizatè Facebook. Bagay te mennen chèf Facebook la, Mark Zuckerberg, al temwaye devan Kongrè ameriken. Misye te oblije bay tout moun asirans lap pran tout mezi nesesè pou pwoteje done pèsonèl itilizatè l yo.

Donk se apre tout pawòl anpil sa yo Facebook anonse 1e Me kreyasyon “Dating”, yon aplikasyon pou anmoure ak anmourèz. Zuckerberg di konsa li remake gen plis pase 200 milyon moun sou Facebook ki di yo selibatè, donk li ta vle ede moun sa yo « bati bonjan relasyon dirab e pa sèlman fè de kou ».

Zuckerberg di konsa nouvo aplikasyon sa a pral endepandan. Zanmi Facebook ou yo pap ka wè sa wap regle ak mennaj ou sou « Dating ». Pou kounye a, moun pap ka voye foto, se ak tèks sèlman mesyedam yo ap ka kominike. Met sou sa, wap gen posiblite efase konvèsasyon w te genyen avèk yon moun sou app la.

Facebook garanti nouvo app la ap san danje pou done pèsonèl moun, kididonk yo pa lage zafè w nan lari. Men apre eskandal ki sot pase yo, anpil moun yon ti jan ezitan pou yal lage vant yo ak kè yo nan men Facebook.

Jonel Juste

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a comment