Jonel Juste, le poète qui dépeint les astres et les désastres

Par Lord Edwin Byron (Sibelle Haiti)

Avec Jonel Juste, on est surtout loin d’une définition typique de la poésie. Le cas est précis. Ceux qui l’ont déjà découvert ne vont en aucun cas le contredire. Pour le poète, la poésie va plus loin que la sensibilité et l’imagination au degré premier de la création. Elle doit être jalonnée. La référence y est fondamentale. Jonel Juste, comme tous ceux qui revendiquent leur vraie part de vie, a aussi son espace à réinventer. Des limites à saper. Des formes à mettre à mal. Des astres et des désastres à dépeindre et à mettre en partage. Entretien avec Jonel Juste, auteur de « Solèy Solèy », « Carrefours de nuit ».

Continue reading “Jonel Juste, le poète qui dépeint les astres et les désastres”

Naomi Osaka Chanpyon Tenis, Defansè Dwa Moun

Jwè tenis Ayisyen-Japonè Naomi Osaka ranpòte gwo chanpyona tenis Ameriken US Open samdi 12 septanm ki sot pase a. Nan final tenis feminen kategori senp ki te fèt nan vil Nouyòk, Osaka te rive kale Victoria Azarenka (Belarisi) an twa sèt: 1-6, 6-3, 6-3. Sa fè dezyèm fwa Naomi Osaka genyen gwo chanpyona sa a. Sa fè twazyèm gwo tit (Gran Slam) li ranpòte nan jèn karyè li. Non sèlman Naomi soti champyon nan konpetisyon tenis lan men li make chanpyona a ak angajman sosyal li.

Continue reading “Naomi Osaka Chanpyon Tenis, Defansè Dwa Moun”

Kominote Ayisyen nan Florid Selebre Lavi Aktivis Jack Lieberman

Kominote Ayisyen nan Florid te selebre lavi aktivis Jack Lieberman nan yon seremoni espesyal ki te fèt sou Entènèt vandredi 11 septanm pase a. Akoz kowonaviris, plizyè lidè nan kominote a te patisipe nan yon memoryal òganizasyon FANM (Family Action Network Movement) te fè sou Zoom pou onore memwa defen an ki te goumen anpil pou dwa refijye Ayisyen nan Sid Florid la.

Continue reading “Kominote Ayisyen nan Florid Selebre Lavi Aktivis Jack Lieberman”

Atis Ayisyen BelO ranpòte de gwo pri Entènasyonal pou mizik “Eda”

Chantè Ayisyen BelO ranpòte de gwo pri Entènasyonal pou mizik “Eda” ki sou dènye albòm atis la (Motivasyon). Se te yon konkou kote plis pase 7000 moun nan 109 peyi te patisipe. BelO genyen “Gran Pri” konkou mizik “Unsigned Only Music Competition”. Li genyen tou yon lòt pri ki rele “Fandemonium” ki se rekonpans pou atis ki jwenn plis vòt sou Entènèt nan kad konpetisyon an. 

Continue reading “Atis Ayisyen BelO ranpòte de gwo pri Entènasyonal pou mizik “Eda””

Jou Trump te mande ansyen pòt pawòl li al “defann lapatri”

Nan yon liv ansyen pòt pawòl Mezon Blanch Sarah Sanders ekri, li di prezidan Trump te mande l (an blag?) pou fè yon misyon enposib. Li te mande dam nan al Koredinò pou al “defann lapatri”. Men kijan?

Continue reading “Jou Trump te mande ansyen pòt pawòl li al “defann lapatri””