
Kominote Ayisyen nan Florid te selebre lavi aktivis Jack Lieberman nan yon seremoni espesyal ki te fèt sou Entènèt vandredi 11 septanm pase a. Akoz kowonaviris, plizyè lidè nan kominote a te patisipe nan yon memoryal òganizasyon FANM (Family Action Network Movement) te fè sou Zoom pou onore memwa defen an ki te goumen anpil pou dwa refijye Ayisyen nan Sid Florid la.
“Kominote Ayisyen ap toujou rekonesan pou tout goumen Jack Lieberman te goumen pou nou”, direktris FANM nan, aktivis Marleine Bastien, te deklare nan komansman seremoni memoryal pou selebre lavi ak travay Lieberman ki te mouri 30 Out pase a nan laj 70 zan. “Jack ou se frè nou, wap toujou viv nan kè nou. Nap kenbe flanbo w la limen. Nap kontinye goumen pou tout sa yo ki san vwa, sanzespwa”, Marleine te kontinye pou l di.
Dapre yon deklarasyon nou li sou sitwèb Pati Demokrat Mayami an, se kovid-19 ki pote Lieberman ale. “Lanmò sa a se yon kokennchenn pèd pou nou. Jack te yon gwo defansè kòz ak kandida demokrat. Li te fè n sonje chak jou pou n viv selon prensip nou kwè ladan yo”, deklarasyon an di.
Lieberman se yon figi moun te konn wè souvan nan manifestasyon Mayami. Kit se dènye mouman kont enjistis rasyal ak britalite lapolis apre asasinay George Floyd la, kit se manifestasyon pou defann dwa refijye Ayisyen oubyen mach kont entèvansyon Etazini nan peyi tankou Nikaragwa ak El Salvado, Jack Lieberman te toujou reponn prezan, jounal Miami Herald ekri.
Fè aktivis politik, goumen pou dwa moun se te lavi Lieberman ki te fè sa pandan plis pase 50 an. “Jack te batay san rete pou jistis sosyal. Se te yon aktivis, yon lidè, yon òganizatè, yon konbatan, yon konseye, yon chanpyon dwa moun”, se sa Marleine Bastien, ki te konn defen an depi 38 an, te deklare nan bilten enfòmasyon òganizasyon lap dirije a.
Lieberman te youn nan moun ki te fonde Sant Pou Refijye Aysyen, yon kote ki te vin tounen baz òganizasyon popilè nan ane 80 yo. Jack te goumen bò kote defen Pè Gerard Jean-Juste ak lòt lidè Ayisyen pou defann dwa fondamantal refijye Ayisyen pou yo jwenn tretman egalego devan lalwa, dapre bilten FANM nan.
Li te manm Konsèy Administrasyon Family Action Network Movement (FANM), ki avan sa te rele Fanm Ayisyen Nan Miyami. Li te manm Konsèy lòt oganizasyon tankou “South Florida Jobs With Justice” ak “South Florida Interfaith Worker Justice”. Li te tou koprezidan JADA (Jewish Arab Dialog Association of South Florida).
Marie-Paule Woodson, prezidan Konsèy Administrasyon FANM, deklare: “Se te yon onè pou goumen bò kote Jack epi kolabore avè l nan Konsèy Administrasyon FANM nan. Li te batay pou defann dwa lòt moun chak jou nan lavi l (…). Nap kenbe lespri l vivan nan konba nap kontinye mennen pou tout moun gen menm dwa epi jwenn menm tretman. Nou pap janm bliye w Jack. Mesi pou limyè w te pote”.
Nan kontèks kowonaviris la ki entèdi gwo rasenbleman, plizyè moun, pami yo fanmi ak zanmi defen an, lidè kominotè, ofisyèl, te reyini sou Zoom pou rann Jack Liberman yon dènye omaj nan memoryal FANM te òganize a. Pami moun sa yo te gen Alix Desulme, vis-majistra vil North Miami; Dale Holness, majistra Broward; vèv Marilyn Lieberman; Marie-Paule Woodson; Marleine Bastien; Senatè Jason Pizzo, depite Dotie Joseph, komisyonè Jean Monestime, Senatè Jose Javier Martinez, David Brown, Dr Flore Lindor Latortue, elatriye.
Yon atis te chante “It’s So Hard to Say Goodbye to Yesterday” (Li pa fasil pou di yè adje) nan memwa Lieberman. Malgre seremoni an tap fèt sou Zoom, ou te ka santi emosyon an; gen moun ki tap kriye, ki tap siye dlo nan je yo pandan chante a.
Jonel Juste