
Jwè tenis Ayisyen-Japonè Naomi Osaka ranpòte gwo chanpyona tenis Ameriken US Open samdi 12 septanm ki sot pase a. Nan final tenis feminen kategori senp ki te fèt nan vil Nouyòk, Osaka te rive kale Victoria Azarenka (Belarisi) an twa sèt: 1-6, 6-3, 6-3. Sa fè dezyèm fwa Naomi Osaka genyen gwo chanpyona sa a. Sa fè twazyèm gwo tit (Gran Slam) li ranpòte nan jèn karyè li. Non sèlman Naomi soti champyon nan konpetisyon tenis lan men li make chanpyona a ak angajman sosyal li.
Naomi Osaka, ki gen 22 zan, ranpòte yon lòt gwo chanpyona ankò. Nan yon match ki tap jwe nan yon stad vid akoz pandemi kowonaviris la, bagay yo te mal kòmanse pou Naomi. Li te pèdi premye sèt la (1-6) devan Victoria Azarenka, yon advèsè ki te byen detèmine. Men pitit Ayiti ak Japon an pat dekouraje, li te goumen jouk li repran avantaj la nan de dènye sèt yo ak yon stil jwèt agresif ki pat bay Azarenka okenn chans (6-3, 6-3).
“Mwen te panse li tap lèd anpil pou m ta pèdi nan mwens pase inèdtan,” nimewo 1 mondyal tenis feminen an te di pou esplike jan l te tounen ak fòs nan match la. “Se poutèt sa m te mete tout kouraj mwen nan batay la.” Se kòmsi Osaka tap dòmi epi l vin reveye. Lè l fin reveye, li vannen advèse a. Jèn atlèt la ranpòte dezyèm koup “US Open” li dezan apre l te bat Serena Williams nan yon final ki te fè anpil pale anpil.
Anpil moun te kontan viktwa Osaka, anpatikilye Ayisyen ki pat manke montre lajwa yo sou rezososyo yo. “Felisitasyon pou Naomi, se pou Bondye fè w fè dizan ap bat moun nan tenis”, Amsden te poste sou Facebook. “Konpliman pou kokennchenn viktwa sa a, Naomi. Ou genyen avèk gras, detèminasyon, konviksyon ak kouraj. Ou se yon gwo enspirasyon pou anpil nan nou tout kote sou latè”, Sony Seraphin kòmantè anba yon foto Noami poste sou paj Facebook li. Gen moun ki te poste “gif” Ayisyen kap danse ak yon drapo ble e wouj sou do yo.
Men se pat sèl Ayisyen ki tap felisite chanpyon an. Japonè yo tou tap konplimante l pou gwo viktwa sa a. “Felisitasyon Naomi! Match la te rèd vre men ou pa t pèdi sanfwa w. Bèl bagay”, Mami Kodama te ekri. “Konpliman Naomi! Ou pral genyen plis koup ankò! Ou se avni tenis feminen an. Ou gen pou pi gwo jwè ki egziste”, Leong te kòmante. Tout kalte lòt moun tout ras tout koulè tap konplimante chanpyon an pou twazyèm “Gran Slam” li ranpòte.
Pakou Naomi Osaka nan chanpyona sa a te remakab. Non sèlman pou jan l te jwe men tou pou angajman sosyal li. Yon fwa, jwè tenis Ayisyen-Japonè a te deside poze sou chanpyona a pou l te ka pwoteste zak briganday lapolis sou Nwa Ameriken Jacob Blake. Lapolis te tire misye 7 fwa nan do pandan l tap monte machin li.

“Anvan m te yon atlèt, mwen se yon fanm nwa. E kòm yon fanm nwa, m panse gen bagay ki pi enpòtan kounye a pase gade m kap jwe tenis. M pa espere gen gwo bagay ki pral fèt poutèt m pa jwe a, men si m ka deklanche yon konvèsayon nan yon spò majorite moun kap jwe l se blan, map konsidere sa tankou yon pa nan bon direksyon an”, Naomi te poste sou rezososyo. Lòt bagay jwè tenis la te fè ki te remakab, nan 7 match li te jwe yo, li te toujou mete yon mas nan figi l ki te gen non Blakameriken ki te sibi britalite lapolis. Li te mete non George Floyd, Trayvon Martin, Breonna Taylor, Elijah McClain, Philando Castile, Tamir Rice, elatriye. Lè jounalis mande l pouki rezon li te mete mas sa yo, li di se pou fè moun pale plis sou pwoblèm yo. Fanmi kèk nan viktim Blakameriken yo, tankou manman Trayvon Martin, te remèsye Naomi pou bèl jès solidarite sa a.
Dapre magazin Forbes, Naomi Osaka se atlèt feminen ki pi byen touche pou ane 2020 an ak $37 milyon. Sa pa tap etonan si ta gen plis sponnsò kap mache dèyè apre viktwa sa a.
Jonel Juste