
MIAMI — Lè Jan Mapou te kòmanse prezante liv nan Caribbean Marketplace an 1990, li te reve kreye yon espas kote jèn, ekriven ak entelektyèl te kapab reyini pou dekouvri kilti Ayiti epi boukante lide. Trannsizan apre, vizyon sa a kontinye fè chemen l nan Sant Kiltirèl Mapou, yon enstitisyon kiltirèl ki byen tabli nan kè katye Little Haiti, nan Mayami.
Sant lan, ki gen Libreri Mapou ladan l, chita nan 5919 NE Second Ave., toupre Little Haiti Cultural Complex. Sou etajè libreri a, gen yon gwo koleksyon liv an Kreyòl ayisyen, Franse ak Angle ki pale sou istwa, politik, literati ak folklò Ayiti ak Karayib la. Espas la lan genyen tou yon sal konferans kote yo òganize vant siyati, prezantasyon, reyinyon ak lòt aktivite kominotè.
Ekriven ak militan kiltirèl Jan Mapou (Jean-Marie Willer Denis), fè konnen istwa sant lan te kòmanse avèk yon envitasyon li te resevwa an 1990 nan men Henri Robert « Bob » Lamothe, yon lidè kominotè Ayisyen ki te kontribye nan kreyasyon Caribbean Marketplace, yon espas rasanbleman moun byen konnen nan Little Haiti. Lamothe te envite l prezante kèk liv epi pale ak kèk elèv sou kilti Ayiti.
« Se nan moman sa a mwen te lanse sant kiltirèl la », Mapou deklare.
Lè yo t ap vann kay 2 etaj kote Sant Kiltirèl Mapou ye jodi a, Mapou te achte l epi li te fè anba a tounen yon libreri. Libreri a te kòmanse avèk anviwon 1000 rive 2000 liv edikatè Ayisyen Max Manigat ak operatris kiltirèl Anaïse Chavenet te ofri. Nan dènye ane yo, Chavenet te konn pote liv soti Ayiti tanzantan anvan kriz politik ak kriz sekirite aktyèl la te vin rann vwayaj ak echanj komèsyal yo pi difisil.
Depi nan kòmansman, Mapou te konsidere pwojè sant kiltirèl kòm yon bagay ki te depase yon senp antrepriz komèsyal.
« Vizyon mwen nan epòk la se te ede kominote a epi kreye yon bèl espas nan Little Haiti kote etidyan te kapab rankontre epi diskite », li eksplike.
Kèk tan apre l fin ouvri, sant lan te kòmanse òganize vant siyati, konferans ak lòt aktivite literè. Ekriven yo te envite yo te pran abitid siyen non yo nan mi libreri a oswa kite yon mesaj sou li, yon fason pou kite yon tras.
Womansye ayisyen Dany Laferrière te premye ekriven ki te òganize yon vant siyati nan sant lan. Pandan diskou li te fè pou lanse aktivite a, Mapou sonje, Laferrière te swete pou yon jou ta gen tèlman moun ki vin nan libreri a, liy moun yo ta rive jouk nan lari a. Se li menm tou ki te premye moun ki te kite yon mesaj sou mi an.
Apre sa, lòt ekriven, inivèsitè ak pèsonalite piblik te suiv tras Dany. Pami yo te gen Max Manigat, istoryen Michel Soukar ak pwofesè Leslie Manigat ki te pase nan sant lan kèk tan avan l te vin prezidan an 1988.
Nan kòmansman, Libreri Mapou te yon espas kiltirèl ki te gen anpil aktivite. Pafwa, ekriven te konn prezante liv yo nan sal konferans anlè a pandan manm twoup teyat Sosyete Koukouy t ap fè repetisyon anba a. Te gen aktivite chak wikenn ki te atire moun nan katye a ansanm ak vizitè ki te soti nan lòt zòn nan Sid Florid la.
« Moun yo te konn vini an foul, moun te fè mikalaw », Mapou rakonte.
Aktivite sa yo te kontribye nan devlopman sa ki vin rele Sant Kiltirèl Mapou a. Sant lan vin sèvi tou baz pou Sosyete Koukouy, yon òganizasyon kiltirèl Ayisyen moun konnen pou travay li fè nan domèn teyat, dans ak literati, ansanm ak efò li fè pou defann epi simaye lang kreyòl Ayisyen an toupatou.
Mapou deklare ouvèti yon sant kiltirèl nan katye Ti Ayiti a te gen yon kokennchenn enpòtans epòk sa a. « Lè sant lan t ap ouvri, te gen anpil botanika nan zòn nan. Nou te di tèt nou petèt nou kapab ofri omwen yon lòt altènativ», li deklare.
Jodi a, sant lan kontinye òganize vant siyati ak aktivite kiltirèl. Li sèvi tou kòm baz pou aktivite kominotè tankou Little Haiti Book Festival. Dapre Mapou, otè ki gen liv yo disponib nan Libreri Mapou kapab òganize vant siyati nan sant lan san grate tèt.
Gen penti ayisyen ki ekspoze nan espas la, tankou tablo « Les Villes imaginaires » ki se travay gwo pent ayisyen Préfète Duffaut. Gen lòt zèv atistik ak objè atizanal tradisyonèl ki ekspoze tou nan tout sant lan.
Mapou vle mete sant kiltirèl la disponib pou moun k ap fè travay ki sèvi kominote Ayisyen an. Anjeneral, li pa fè moun oswa gwoup peye pou sèvi ak espas la lè aktivite y ap òganize yo benefisye kominote a.
« Espas sa a se kado mwen bay kominote a pou ankouraje aktivite kiltirèl ak tout bagay ki benefisye kominote ayisyen an », li deklare.
Depi lè sant lan te fonde, kay chanmòt kote l ye sibi plizyè renovasyon. An 2016, yo te remete libreri a tifi grasa yon sibvansyon yon gwo enstitisyon finansye Etazini te bay. An desanm 2025, Mapou te sèvi ak pwòp lajan pa l pou repare sal konferans ki nan etaj la, paske li te fin kraze.
Travay yo te gen ladan yo ranplase limyè yo, repare atè a epi ranje twalèt yo. Sal la te relouvri apre reparasyon yo avèk vant siyati twa liv yon ekriven ak potomitan Sosyete Koukouy, Kiki Wainwright. Depi lè sa a, sant lan akeyi plizyè lòt ekriven.
Mapou deklare youn nan priyorite li genyen kounye a se fè moun nan kominote a konnen espas yo renove a disponib pou yo. Li swete espas la kapab akeyi reyinyon, lekti ak aktivite pou timoun kou granmoun.
« Sant lan ouvè pou tout moun », li deklare.
Apre plis pase twa deseni, etajè yo, zèv atistik yo ak mi sant lan ki kouvri ak siyati yo temwaye pasaj ekriven, inivèsitè ak manm kominote a ki te antre nan lokal la. Dapre Mapou, sal konferans yo renove a pare pou akeyi pwochen jenerasyon otè ak òganizatè kiltirèl yo.
Atik sa a soti nan jounal Le National
