31 jiyè 2026 fè twa lane depi kokennchenn jounalis Liliane Pierre-Paul te fè vwèl pou peyi san chapo. Jounalis Kettia Jean-Pierre deside rann li yon omaj byen merite epi pwofite di l bagay yo pa chanje.

31 jiyè 2026 fè twa lane depi kokennchenn jounalis Liliane Pierre-Paul te fè vwèl pou peyi san chapo. Jounalis Kettia Jean-Pierre deside rann li yon omaj byen merite epi pwofite di l bagay yo pa chanje.


“Tout Syèl la Klere” se yon istwa ki soti nan liv “Anba Syèl Ble a”, yon seri istwa kout powèt ak nouvelis Ayisyen Jonel Juste ekri an Kreyòl an 2025. “Tout Syèl la Klere” voye nou jis nan ane 2050. Li dekri yon monn revolisyon wobotik ak entèlijans atifisyèl fin transfòme, sa ki gen kòm konsekans gwo chomaj ak plis inegalite ekonomik ak sosyal nan peyi devlope tankou Etazini. Van an vire, Ayiti li menm vin tounen yon peyi opòtinite ki atire imigran. Anpil nan nouvo imigran sa yo se blan k ap chèche lavi nenpòt kote yo ka jwenn ni paske lakay yo pa bon. Aleksann, yon doktè Ayisyen, ap retounen nan peyi li pou al travay Wanament, yon vil k ap devlope e ki chaje opòtinite travay. Eske Aleksann ap jwenn sa l ap chèche nan nouvo Ayiti a? Istwa sa a envite lektè yo reflechi sou lavni limanite ak sans pwogrè genyen. Men yon ekstrè.
Continue reading “Nan « Tout Syèl la Klere », Jonel Juste pwopoze pou imajine lavni”
Nan nuit 18 novanm 2025, Ayiti kalifye pou Mondyal FIFA 2026 la. Nan jou ki swiv kalifikasyon istorik sa a, anpil Ayisyen tonbe reve. Genyen ki reve yon lòt Ayiti posib, genyen lòt ki reve Ayiti ka rive lwen nan Mondyal la. Li ka chanpyon. Rèv yo anpil.
Continue reading “AYITI NAN MONDYAL, AYISYEN PRAN REVE”Madi 28 oktòb, asasen san fwa ni lwa, kriminèl san manman wete lavi, etenn limyè nan je jounalis kiltirèl, ekriven, powèt, pwofesè literati, papa twa pitit Schultz Laurent Jr pandan li te sou wout pou l al travay nan vil Filadèlfi, Etazini. Konfrè li, powèt ak jounalis kiltirèl Jonel Juste, nouvèl sa a te akable, sonje dènye konvèsasyon li te genyen ak Schultz…


Mizik la byen rantre nan san nou. Li fè lavi nou koule bèl lè n ap tande l. Se transpòtasyon yon emosyon grandyoz, yon seri pawòl tounèf ki plen lavi. Se te nan lane 2017 plizyè chantè te rasanble sou direksyon atis Bélo pou yo pote chedèv sa a ki fè rapèl sou plas drapo ayisyen an nan tout listwa limanite.
Continue reading “« Drapo m nan – Bélo » : Yon chante pou repanse lavi ann Ayiti”Jonathan Thermidor

Festival sila a se yon pòtvwa, yon bèl lide, yon moman kè kontan kote tout koulè twal, tout koulè moun, tout bèl jès ak tandrès te rasanble pou valorize kilti ayisyen an nan divès kalte dimansyon.
Continue reading “Little Haiti Book Festival 2025: Yon bèl jounen echanj kiltirèl”