Atis sa a te toudabò pibliye ann Anglè sou sit CNBC

Konpayi yo kòmanse chanje lide byen vit sou kwayans yo te genyen ki fè yo te panse entèlijans atifisyèl (EA) kapab “fè tout bagay”. Y ap repran ansyen anplwaye yo te fin revoke yo. Pami konpayi ki te pi cho pou otomatize travay yo, anpil vin regrèt revokasyon yo, paske yo te revoke menm moun yo te bezwen pou sipèvize entèlijans atifisyèl la. Tankou pawòl la di, pa kouri jete vye chodyè pou chodyè nèf.
Konpayi otomobil Ford se youn nan dènye konpayi ki fè bak sou desizyon pou ranplase moun ak EA. Selon enfòmasyon ki pibliye, li ap repran plizyè santèn enjenyè ki gen eksperyans pou travay sou pwoblèm kalite sistèm otomatik yo pa t kapab rezoud. “Entèlijans atifisyèl se yon zouti estrawòdinè, men kalite li depann de kalite enfòmasyon ou itilize pou fòme li,” Charles Poon, visprezidan Ford pou jeni ekipman fizik machin yo, te deklare nan medya yo.
Pami lòt konpayi ki te revize plan anbochaj yo pou bay moun plis enpòtans, genyen Commonwealth Bank of Australia ak IBM, yon jeyan nan domèn lojisyèl.
Ane pase, CBA te revoke plis pase 40 anplwaye sèvis kliyan epi li te ranplase yo ak yon wobo vokal ki sèvi ak EA. Sepandan, sistèm entèlijans atifisyèl la pa t kapab fè fas ak demann yo. Sa te lakòz kantite apèl yo ogmante, sa ki te pouse CBA anile desizyon pou elimine pòs yo. “Lefètke nou rive fè CBA anile desizyon pou elimine pòs sa yo, se yon gwo viktwa,” sendika sektè finansye Ostrali a te deklare nan yon kominike.
Dapre yon repòtaj ABC te pibliye nan mwa out ane pase, CBA te admèt li “pa t byen pran an konsiderasyon tout faktè ki enpòtan pou biznis la” lè li te anonse revokasyon yo. Li te rekonèt tou: “Nou te dwe fè yon evalyasyon pi apwofondi sou pòs ki nesesè yo.”
Menm jan an tou, IBM te ranplase pòs pou anboche travayè li yo ak entèlijans atifisyèl, ki te trete anviwon 94% demann òdinè yo, men ki pa t kapab reponn ak 6% ki te rete yo, pami yo te genyen dilèm etik. Apre sa, IBM te anonse plan pou triple kantite moun li anboche Etazini pou pòs debitan nan tout divizyon li yo an 2026.
“Si nou pa kontinye envesti nan anboche moun pou pòs debitan, ki sa k ap rive nan twa a senk ane?” Nickle LaMoreaux, direktè resous imen IBM, te mande pandan Charter AI Summit nan Nouyòk. “P ap gen moun k ap prepare pou pran relèv la; sous la ap tou seche,” LaMoreaux te ajoute.
Egzanp sa yo mache nan menm sans ak opinyon analis yo, ki fè konnen revoke anplwaye pandan y ap itilize plis EA pa nesesèman pi bon chemen pou fè yon biznis grandi.
“Lè konpayi yo te prevwa depans pou ‘teknoloji ranplase moun’ san yo pa envesti nan fòmasyon oswa amelyorasyon konpetans, sa te kite ekip yo san preparasyon pou pwofite entèlijans atifisyèl,” dapre yon rapò Intuition Labs. “Sa ki frapan, pami konpayi ki t ap pouse pou otomatizasyon, anpil te vin ‘regrèt’ revokasyon yo, paske yo te revoke menm moun yo te bezwen pou sipèvize entèlijans atifisyèl la,” rapò a te ajoute.
Dapre yon rapò Orgvue, 39% dirijan biznis yo te revoke anplwaye akoz entèlijans atifisyèl. Sepandan, pami dirijan sa yo, 55% admèt yo te pran move desizyon konsènan revokasyon sa yo.
“Lè rezilta entèlijans atifisyèl yo pa konsistan, yo pa egzak oswa yo difisil pou aplike, konpayi yo souvan bezwen retabli sipèvizyon moun,” Jessica Zhang, visprezidan prensipal pou rejyon Azi ak Pasifik nan ADP, yon konpayi ki bay solisyon pou jesyon travayè, te deklare. “Sa ka lakòz menm travay la fèt de fwa, ralanti desizyon yo epi diminye pwogrè nan pwodiktivite,” Zhang te ajoute.
Pandan tan sa a, 32% responsab anbochaj Etazini te di yo te elimine yon pòs sitou akoz entèlijans atifisyèl, epi yo te vin anplwaye yon moun ankò pou menm pòs la oswa pou yon pòs ki sanble l, dapre done Robert Half te voye bay CNBC.
“Entèlijans atifisyèl ap chanje anviwònman travay la, men li vin klè òganizasyon yo ap jwenn pi bon rezilta nan devlope kolaborasyon ant moun ak entèlijans atifisyèl olye fè EA ranplase travay moun nèt,” Capitol Technology University te fè remake.