Nan yon liv ansyen pòt pawòl Mezon Blanch Sarah Sanders ekri, li di prezidan Trump te mande l (an blag?) pou fè yon misyon enposib. Li te mande dam nan al Koredinò pou al “defann lapatri”. Men kijan?
Nan yon liv li pral soti talè konsa, Sarah Huckabee Sanders rapòte yon ensidan dwòl ki te rive pandan l tap sèvi kòm pòt pawòl Mezon Blanch sou Donald Trump. Ensidan an te pase pandan yon somè chèfdeta nan Sengapou an jwen 2018. Sarah rakonte pandan l te nan somè a ak prezidan Trump, youn nan chèfdeta yo te tonbe fè l je dou. Moun ki te fè sa a pat lòt ke Kim Jong Un, diktatè sanginè Koredinò a.
Ansyen sekretè Mezon Blanch lan di pandan li tap pran nòt, je l te kwaze ak je mouche Kim Jong Un epi misye te pran fè l je dou kòmkidire sitwayen an te vle fè yon pase pye, li te anvi lachòy…
Pitit fi ansyen gouvènè Arkansas la deklare jès sa te choke l anpil. Li tap mande tèt li “Sa kap pase la a?” Li pat ka kwè prezidan Koredinò a te anvi fè yon bòt sou li, tankou Pastè Blaze ta di.
Apre somè a, Sarah Sanders te rakonte prezidan Trump ensidan an. Men Trump te reponn li konsa: ” Anh, Kim Jung Un fè w je dou? Enben Sarah pa gen wout pa bwa non la a. Map oblije voye w Koredinò pou al defann lapatri. Wap kite mari ak pitit dèyè vre men wap tounen yon ewo pou Etazini”. Se pa goumen Trump tap voye fi al goumen men pito l tap lage l nan men diktatè Koreyen an pou misye fè toulèbagay avè l.
Yo ranpòte apre Trump fin di pawòl sa yo, li pete yon sèl kout ri nan limouzin nan, limenm ak jeneral John Kelly ki te nan gouvènman Trump lan alepòk.
Donk ta sanble Trump pat serye lè te di l tapral voye Sarah Sanders Koredinò pou satisfè apeti seksyèl Kim Jung Un. Men menm si se te yon blag matcho, anpil moun twouve pawòl la malonèt epi l se yon mank respè pou fanm. Lòt moun al pi lwen, yo di se pawòl vakabon. Trump te dwe endiye poutèt endelikatès yon chèfdeta nan yon somè. Olye sa li pase fi a nan betiz.