Pou yon dezyèm fwa semèn sa a, Prezidan Trump di fanatik li yo vote de fwa nan eleksyon prezidansyèl ki pral fèt 3 Novanm pwochen nan peyi Etazini.
Vandredi swa, pandan Prezidan Trump te nan vil Kawolin Dinò, li tap di fanatik li yo kijan pou yo vote nan eleksyon prezidansyèl k ap vini an. Li sijere pou elektè yo vote dabò pa lapòs epitou pou yo al vote an pèsòn, yon fason li di pou elektè sèten vòt yo konte, dapre sa plizyè medya Ameriken rapòte. Se yon bagay ki, si l fèt vre, ka lage gwo latwoublay nan biwo vòt yo epi kraze konfyans moun nan pwosesis elektoral la.
Avan nou ale pi lwen, fòk nou di gen plizyè fason pou moun vote Etazini. Depi w sitwayen Ameriken, ou ka swa vote an pèsòn nan biwo vòt la jou eleksyon an, swa vote pa lapòs, swa vote plizyè jou avan jou eleksyon an. Yo rele dènye metòd sa “Early Voting (vote bonè oubyen vòte davans).
Se yon krim federal pou yon moun vote de fwa nan menm eleksyon an; se yon gwo krim nan prèske tout Eta Ameriken yo, Kawolin Dinò pa egzan.
Sa fè dezyèm vwa Trump di elektè Kawolin Dinò yo vote de fwa nan menm eleksyon an. Li te fè sa mèkredi pase, men responsab eleksyon yo te kouri dèyè l paske l te voye moun yo al komèt yon krim. Prezidan an te fin rekonèt konsèy li a pat bon, men li rebise vandredi. Li repete menm pawòl la nan yon bagay li rele “tele-rally”, yon nouvo stil miting politik Trump envante kote li adrese patizan l yo atravè telefòn epi Facebook.
Plizyè moun di lè Prezidan Ameriken an voye moun al vote 2 fwa a, se yon fason pou Trump jete diskredi sou sistèm vote pa lapòs la, yon sistèm li pa fin renmen paske li sispèk li ka pa anfavè l si anpil Demokrat itilize l pou vote nan pwochen eleksyon yo.
Gen lòt moun ki di tou se yon jan Prezidan Trump ap fè pou diskredi pwosesis elektoral la anjeneral sizoka l ta pèdi. Anpil moun pè pou prezidan an pa aksepte rezilta eleksyon yo si yo pa anfavè l epi refize remèt pouvwa a bay moun ki genyen an.