Rèn Elizabèt mouri, Prens Chal vin Wa Chal III

Rèn Angletè Elizabèt II mouri nan jounen jedi 8 Septanm nan apre bri t ap kouri depi nan maten kòmkwa rèn nan pa t santi l byen. Rèn Elizabèt mouri nan laj 96 zan apre l fin pase 70 zan ap dirije Wayòm Ini ak peyi ki nan Commonwealth yo.

Rèn nan mouri nan chato Balmoral nan peyi Ekòs ki fè pati Wayòm Ini, dapre sa Palè Buckingham anonse.

Imedyatman apre lanmò rèn Elizabèt II, premye pitit li Prens Chal, 73 zan, vin Wa sou non Chal III.

Plizyè chèfdeta, ladan yo Premye minis Ayisyen an, Ariel Henry, te voye kondoleyans yo bay Wayòm Ini. Nan yon twit li fè depi Mayami, Ariel Henry deklare:

“Rèn Elizabèt II, ki te make istwa Wayòm Ini a, Ewòp ak lemonn antye, fe vwèl pou peyi san chapo. Nou vle salye gwo angajman li te pran pou fè bonè pèp li a pandan 70 zan rèy li.”

Ariel Henry kontinye pou l di: “Nou voye kondoleyans sensè nou bay fanmi wayal la, nasyon britanik la ak Eta Commonwealth yo ki jodi a nan lapenn poutèt lanmò monak ki pi popilè nan listwa.”

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: