Yo Touye Jovenel

Lemonn antye te reveye byen bonè mèkredi 7 jiyè anba gwo chòk nouvèl asasinay prezidan Ayisyen Jovenel Moïse. Anpil moun te derefize kwè jiskaske pawòl la te fin gaye sou rezo sosyal yo epi pase sou gwo chèn televizyon.

Nan moman n ap ekri atik sa a, sikonstans lanmò ansyen prezidan Ayisyen an pa fin klè. Premye eleman enfòmasyon yo fè konnen se yon kòmanndo nèg ak zam fannfwa ki te debake nan rezidans prive prezidan Jovenel Petyonvil a 1am epi tire sou li ak madanm li. Prezidan an mouri sou plas, madanm li al pran swen lopital.

Kèk temwen asasinay la fè konnen yo te tande asasen yo t ap pale panyòl. Sa ki ta lese kwè se pa Ayisyen ki touye prezidan an. Gen kèk ipotèz ki ta fè kwè asayan yo se « Sicario », sa vle asasen pwofesyonèl k ap travay pou gwo katèl dwòg Sidameriken.

Nan yon kominike ki soti tousuit apre zak kriminèl la, premye minis pwovizwa Claude Joseph anonse nouvèl lanmò a epi kondane sa li rele li yon zak “sovaj ki bay kè plen”.

“N ap pran tout mezi pou garanti travay Leta a ap kontinye epi pwoteje nasyon an,” Joseph te di nan deklarasyon an.

Jovenel Moïse te monte sou pouvwa a an 2017 apre yon pwosesis elektoral manchlong ki te chaje magouy.

Malgre li pa t janm okipe okenn pòs politik anvan,  ansyen prezidan Michel Martelly te chwazi « Nèg Bannann nan » nan pou ranplase l apre l te fin demisyone an 2016.

Pandan tout manda Jovenel Moïse la, te gen anpil manifestasyon ki te fèt pou mande l kite pouvwa a. Opozan l yo te akize l kòm moun ki t ap benyen nan kòripsyon, ki te patisipe nan dilapidasyon lajan Petwokaribe a e ki ta gen dwèt li tranpe nan lanmò divès notab tankou Mèt avoka Monferrier Dorval.

Prezidans Jovenel la te badijonnen ak tout kalte eskandal. Gang te fin pran peyi a, kidnaping ak tout kalte zak kriminèl te fè kenken. Pèp la te ba l tout kalte tinon tankou Jovgang, Apredye, paske li te di apre Bondye se limenm.

Dènyèman, Moïse te anba gwo presyon pou li demisyone nan mwa fevriye ane sa a, yon mwa opozan l yo te konsidere kòm fen manda senk ane li an. Men « Apredye » te ensiste pou l pase yon lòt ane sou pouvwa a.

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: