Richard Branson al nan Lespas nan yon Avyon-fize

Nan gwo konpetisyon ki te genyen ant plizyè milyadè, diran Ete 2021 an, pou konnen kiyès ki pral nan lespas avan (oubyen voye sivil nan lespas), se finalman Britanik Richard Branson ki pran devan. Sa ki enteresan se jan Branson ale nan lespas la. Li ale sou yon avyon-fize e li fè vwayaje nan lespas parèt pi fasil.  

Yon avyon-fize (rocket-plane) se yon avyon ki gen yon motè fize kole nan dèyè l e ki ka pouse l devan ak yon vitès estrawòdinè. Ou ka konpare l ak yon avyon spasyal tankou “Discovery” ki te konn vole nan lespas nan ane 2000 yo. 

Richard Branson, ki se patwon konpayi Virgin Galactic, te sèvi ak yon avyon konsa (VSS Unity) jou dimanch 11 Jiyè 2021 an. Men kijan sa te pase. Dimanch maten sa a, Branson te twouve l nan “Spaceport America”, yon aryopò spasyal ki chita nan zòn New Mexico (Etazini). Misye avèk ekip li a (de pilòt ak kat pasaje) antre nan avyon-fize a. Sepandan, se pa avyon sa a ki ta pral mennen yo nan lespas direktèman. Te gen yon lòt pi gwo avyon, yon manman avyon ki te pran avyon-fize a epi monte avè l byen wo nan atmosfè tè a. Lè yo rive la, yo lage avyon-fize a pou kò l. Imedyatman manman avyon an fin lage avyon-fize a, motè fize a pati epi l pouse avyon spasyal la nan lespas nan kèk segonn.

Lè avyon-fize a rive nan lespas, lè l fin kite atmosfè tè a, yo etenn fize a epi avyon an ret pandye. Li pa tonbe paske li pa soumèt anba lwa pezantè ki sou tè a ankò. L ap plane sou tèt planèt nou an. Vwayajè yo te ka wè solèy ak lalin sou yon lòt ang. Youn nan bagay yo te remake se silans ki gen nan lespas, paske pa gen son anlè a. 

Richard Branson k ap vole nan avyon-fize VSS Unity pandan l nan lespas

Anndan avyon-fize a menm, se lajwa. Pasaje lespas yo kontan. Yo detache kò yo nan syèj yo a epi yo tonbe flote, y ap vole anndan avyon an. Y ap gade bèl planèt ble a nan fenèt yo. Yo kontan! Richard Branson menm tonbe resite yon diskou l te prepare. Li te voye yon mesaj anpatikilye pou timoun ki t ap gade l. Li di yo lè l te piti l te reve al nan lespas, men jodi a li granmoun, li twouve l nan yon veso spasyal ak yon bann lòt granmoun k ap gade latè depi lespas. Li ajoute: “Mesaj sa a pou lòt jenerasyon timoun k ap reve yo: Si noumenm nou rive fè sa a, eseye imajine kisa oumenm ou ka fè”. 

Pandan Branson t ap pale a, lòt pasaje yo t ap plane, vòltije bò kote l la. Kèk minit apre, tout moun repran plas yo epi reboukle senti sekirite yo. Avyon-fize a re-antre nan atmosfè a, li redesann sou latè epi li ateri nan aryopò spasyal la kote yon bann jounalis, fanmi ak zanmi  t ap tann nouvo astwonot yo. 

Bagay ki enteresan nan vwayaj Branson nan se jan li parèt fasil pou moun al nan lespas kounye a. Se vre gen anpil gwo travay espesyalis yo ak teknisyen fè pou rann vwayaj la posib, men gen yon bagay ki te diferan. Olye Branson kole avyon spasyal la sou yon fize epi fè yo dekole depi latè, li pito mennen avyon-fize a byen wo nan syèl epi fè motè fize a pati pandan l tou anlè a. 

Imaj nou abitye wè se yon gwo fize, yon tonton misil ki chita sou yon ranp atè a epi yo fè l pati ak yon fòs pwopilsyon estrawòdine jiskaske l rive yon bèl wotè nan lespas. Bagay sa konn fè gwo bri, gwo espektak epi li fè anpil moun pè tou. Gen moun ki pè pou fize pa tou eklate pandan l ap dekole a tankou sa fèt plizyè fwa deja. 

Lòt mit vwayaj Branson nan retire nan tèt moun, se ke vwayaj nan lespas mande anpil konesans oubyen yon preparasyon fizik anraje tankou yon atwonot. Vwayaj sa montre ke ale nan lespas pa twò diferan ak monte avyon.  

Se vre Richard Branson pa t rive twò lwen nan lespas. Li te fè sa yo rele yo vwayaj soubòbital, sa vle di avyon-fize a pa t rive nan yon wotè pou li te rete ann òbit tankou bann satelit k ap fè wonn tè a. VSS Unity te rete nan limit ant latè ak sa yo rele lespas entèsideral oubyen entèplanetè a. Objektif misyon an se pa t al nan lalin oubyen sou lòt planèt tankou Mas, men bay sivil, moun òdinè, yon avangou lespas. 

Vwayaj Branson nan vin bay aktivite touris spasyal yon gwo boustè. Anpil moun, grannèg sitou, gentan rezève tikè yo sou pwochen vwayaj konpayi Virgin Galatic nan lespas la. 

Jonel Juste 

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: