Powèt Ameriken Louise Glück ranpòte Pri Nobèl Literati 2020

Powèt Ameriken Louise Glück genyen Nobèl Literati 2020 pou yon “stil pwezi san konparezon, yon pwezi ki bèl san twòp gangans e ki rann lavi chak moun inivèsèl,” dapre deklarasyon Akademi Syedwa ki bay Pri Nobèl la fè jedi 8 oktòb la.

Louise Glück ki genyen Pri Nobèl Literati 2020 an te fèt nan lane 1943 nan Nouyòk. Kounye a lap viv nan Eta Masachosèt e li se yon pwofesè angle nan Inivèsite Yale (Konektikèt). Tèm li trete nan pwezi l yo se anfans ak lavi fanmi, relasyon ak paran, relasyon ant frè ak sè elatriye.

Glück deja pibliye douz liv pwezi ak kèk lòt liv sou pwezi. Dapre Akademi ki bay Pri Nobèl la, powèt la fè anpil efò pou l klè nan powèm li yo.

Premye rekèy Glück te pibliye se te “Firstborn” (Premye pitit, 1968) e yo te konsidere l kòm youn nan powèt ki pi eksepsyonèl nan literati Ameriken jodi a. Li te resevwa plizyè gwo pri tankou Pri Pulitzer (1993) ak National Book (2014).

Pwezi Glück la parèt kòm yon pwezi dirèk, san gangans, senp, ki pa antre nan kad pwezi kap fèt jodi a e ki fè sonje powèm klasik tan lontan. Se yon pwezi ki gen plis santiman pase lespri. Glück ekri nan youn nan powèm li yo “Sa ki pi enpòtan se pa gen anpil lespri, men santiman m chaje ak sa”.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: