Yon Legliz Katolik boule lotèl kote yon pè te kouche ak de fanm

Yon legliz katolik nan Eta Lwizyán, Etazini, te boule lotèl kote yo te kenbe yon pè ki tap fè sèks ak de fanm, dapre enfòmasyon nou jwenn nan jounal Ameriken Sun Herald.

“Konpòtman pè a te dezonè, zak malonèt li fè sou lotèl la se yon bagay dyabolik,” dapre sa Achevèk Gregory Aymond nan Nouvèl Òleyan fè konnen. Dimanch pase, Achevèk la te konsakre yon lòt lotèl nan legliz la pou ranplase sa monpè te salopete a, Sun Herald rapòte.

Jounal la kontinye pou l di ansyen prèt Legliz Katolik Sen Pyè ak Pòl la, Travis Clark, pa nan ministè ankò e yo wete l sou pewòl dyosèz la tou.

Pè Clark, 37 an, te jwenn arestasyon l 30 septanm pase a. Yo te arete l pou aksyon dezonè li te komèt ansanm ak de fanm, Mindy Dixon ak Melissa Cheng, apre yon pasan te rapòte li te wè mesyedam yo ap fè bagay sou lotèl legliz la. Medam yo te gen sou yo rad kalekò ki fèt an kui epi yo te gen talon kikit nan pye yo.

Lapolis te debake epi yo te konfiske boutlèg, projektè epi 2 aparèy ki tap filme sèn ki tap pase sou lotèl la.

Bradley Phillips, ki se avoka de medam yo, Dixon ak Cheng, di arestasyon sa a “etonan” paske se twa granmoun ki tap fè bagay nan yon kote moun pat sipoze wè yo, dapre sa n li sou Sun Herald.

Achevèk Aymond te di fidèl Legliz Katolik Sen Pyè ak Pòl li te fè retire lotèl eskandal la epi fè boule l.

“Legliz la se yon kote ki sen,” Aymond te di Dimanch pase. “Lè yo itilize yon legliz pou bagay ki pa sen epi avilisan, nou dwe chase move lespri a, e se sa nou fè jodi a.”

Fidèl legliz yo te di yap priye pou ansyen pè Clark.

“Li te gen yon moman feblès, nou toujou renmen l, nou ap toujou sipòte l, nou ap toujou lapriyè pou li, mande Bondye pou padone l epi pou limenm regrèt sa l te fè a”, youn nan fidèl yo, Steve Fecke, te deklare.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: