
Nan okazyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, nap prezante yon moso nan “Zabèlbòk Bèrachat” ki se yon lodyans Maurice Sixto anpil moun konnen. Nap pibliye pati kote Manzè Sandrin tal koresponn ak Zabèlbòk la apre misye te di bèlmè l li pa ka travay nan komès paske l se yon gwo avoka, yon politisyen. Zabèlbòk te sot pran van sou Channmas lè vin tonbe sou Manzè Sandrin…
“Lè Zabèlbòk tounen, lap vini byen bwodè epi l al frape sou zo grann li. Janbe l janbe pòt la, se sou Manzè Sandrin li frape.
-Mèt Zabèlbòk: “Quelle Surprise! Ou bòrisit?”.
-Sandrin: “M te vin wè moun yo.”
-Mèt Zabèlbòk: “Ah oui?”
-Sandrin: “Bonswa Zabèl.”.
-Mèt Zabèlbòk: “Alèkile, se konsa ou rele mwen. Ou pa rele m Maitre ankò?”
Sandrin: “Dekilakyèl de Mèt m te ye avèk ou a? Oh! Ou marye ak nyès mwen. Ou ta gen yon endispozisyon la, map fwote w, se Mèt pou m ta rele w tou? Pran san w non, Zabèl…. O! sa w te gentan gen la? …Zabèlbok?”
-Mèt Zabèlbòk: “Oui?”
-Sandrin: “Koute non, se kote w wi m vini.”
-Mèt Zabèlbòk:“Hmm, ou te bezwen mwen regle yon bagay pou ou?”
-Sandrin: “Ha Ha! depi ou gade mwen, ou wè m se yon kochon ki gen kont grès pou kwit tèt li. Kalite mèt avoka moun debyen ki gen nen nan figi yo m konnen, m ta gen yon bagay pou m regle, epi se ou m ta vin pote l bay regle?
-Mèt Zabèlbòk: “O! ou genlè ou rive tou pare?”
-Sandrin: “M pa konn si w konn sa. Ah! mwen rive tou limen menm! Paske se ou wi ki mennen m bò isi a. Ah! M vin mande w kòman w fè l, Zabèlbòk?”
-Mèt Zabèlbòk: “Qu’est-ce ça veut dire: Kòman m fè l?”
Sandrin: “Fò m vin mande w kòman w fè l, Zabelbòk. Madanm nan marye w ak pitit li. Li louvri de bra pou l pran w. Ou rele sa, ou se yon FEF… Fèt E founi! Ou vin antre nan kay moun yo la a… Madanm nan te konprann se yon pwotektè yo ta pral genyen, se yon konkou yo tap genyen… O O! Sa li ye ki parèt sou yo? Se yon Kong nan maza, yon towo gwonde, yon Matadò Sipèb. O O!
Ou parèt sou yo avèk yon papa toudenkou, yon lwa brize ki pran ou, ki pa vle ale. M di kite m monte avek enpe siwo si pou m wè si ma vin desann lwa sa a.
Paske moun yo pa konnen w Zabèlbòk. Yo pa konnen w… Mwen menm, m konnen w. … Ou konnen m tou.
Mwen ak ou se kabrit tomazo
Menm plim, menm plimay.
Pase pran m, m’a pase rele w
Alòs, mwen m vin koresponn avèk ou.
M pa ka konprann… de (2) malerèz pezib konsa… moun yo lakay yo… pou w soti, ou bezwen estwopye yo. O! Hey!!!
Ah, se pa vre sa. Sa pa gen dwa fèt.
Fò mwen menm, Aleksandrin, fiks pou lavi rès pou tè, pa ta la pou ta pèmèt ou fè moun yo de bagay konsa a. Oh non! Ah non! Zabèlbòk.
Dabò m tande se nan kabann sèlman ou vle rete. Tanzantan se rale pitit la nan kabann. Sa w konn fè a…Sa w vle fè a… Ah! ou pa ka mete l sou kat vizit ou.
Ala yon nòs ki vin pou moun yo, papa!
Ala yon rigwaz moun yo al achte, lè yal chache bag sa! O O!
M pa konn sa k genyen, bagay sa ap kouri nan tout lari a. O! Pa w la, gen lè se an dyaman li fèt, pou moun oblije ap peye l chè konsa.
O O! Non! Zabèlbòk, li pa bon.
Atò, men sa m vin di w. …Mwen vin pale w. Mwen pap vin nan chire pit ak ou non! M pa vin nan fè lanmou Benè ak ou. M vin di w aswè a, map domi isi a, kay moun yo, paske yo nan ka. Men, m pap dòmi ak ou.
Alò monchè, degaje w, bay dèyè w de tap. Pran de moso bagay ou genyen anwo a. Eskize se lizay. Vire do w pou bay moun yo kay yo.
Paske m pa ta bezwen pou m soti nan lari a deyò a pou m al eksplike m ak ou. Paske sa m ta ka degrennen ba ou, e se bagay ou konnen, pantalon w ta tonbe sou ou san w pa deboukle sentiwon w.
-Mèt Zabèlbòk: “Mais alors, je comprends rien, moi. Je voudrais enfin demander à Mina : Comment, vous êtes d’accord avec ces plaidoiries ? Vous avez donné mandat à Madame votre tante?”
-Mina: “Ah! Moi je ne sais pas. Je suis entièrement d’accord avec ma tante. Tu ne veux rien faire. Tu veux tout le temps rester dans le lit. Manman a trouvé un travail pour toi, tu as dit : Je suis avocat, je suis un homme politique…”
Sandrin: “Men yon lòt bagay ankò Zabèlbòk. Se mechanste! Ou konnen mo politik sa mennen twòp moun twò lwen, monchè. Se pa isi a pou ap vin di bagay sa a.
Si se sou ou yo tap vin dappiyanp, zafè ou! Men yap vin pran malerèz yo pou yal di : « Ki koulè rad ki te sou ou lè ou tap di sa? Konbyen fwa ou te di sa? Kilè l te ye lè w tap disa? Poukisa yo pa vin di ke ou tap di sa? » Ou konn kijan bagay la ye… Wap mòde men kap ba ou manje. Se mechanste Zabèlbòk! Non non, li pa bon! O!
Apa ke ou vle rete nan kabann sèlman, mwen tande ou fin anraje paske yo ba ou ze ak janbon de (2) jou swivi.
Zabelbòk, ou tap manje asye, kounye a yap ba ou gonbo nan asyèt pòslèn, ou di gonbo a twò di. Fò w repase w tou Zabèlbòk! Ah non! li pa bon monchè!
M tande (se bon pou moun yo) moun yo al achte pafen pou ba ou pou fèt ou. O! Mwen, m konnen se Vapmenni ou te konn mete sou ou. Si se pat granmesi Madan Gano ki lòdè ou ta konnen? O!
M tande (non! m pito ri koze sa) Yo tal achte kalson pou ou. Yo pote Fruit de Loom. Lè l vini, ou rete pou w toufe, paske se kalson awo ou mete. Mwen, m te konn al kay marenn ou dèyè lise, Zabèlbòk. M toujou wè kalson w fèt… kalson ti sak!… ki fèt avèk ansyen sak farin Wadinò! Ou toujou gen yon lyon sou kwis ou. Nan ki kalson awo ou te konn ye a? Ban m repo non Zabèlbòk!
Ou jous ap pale pou diven tou, m tande. Mwen m konnen ou nan goudrin a mabi! Wap pran chenn sou moun poutèt diven. Ah non! Se bon pou yo! Monchè, gade non…
-Mèt Zabèlbòk: “Ah oui, mais alors, je vois, c’est une conspiration. Je m’ suis trompé.”
Sandrin: “Mè wi! Gade mo ou gen nan bouch ou: Je m’ suis trompé. Se moun yo ki twonpe. Bon, sa ou te gentan ye konsa pou je m’suis trompé? Se yon pakèt afè moun yo jwenn? Si zandolit te bon vyann konsa, li ta va pwonmennen sou tout lantouray pou nenpòt timoun gen dwa lonje men pran li? Li ta va al chita nan mitan Dòbawoti tou Mache Anba.
Ban m repo non Zabèlbòk…
Ou konn sa k rive moun yo? Yo sote sou ou, ou pantan sou yo, epi ou twouve w andedan kay yo Mèt e Senyè. O!
Sak rive yo, lè moun pral achte kochon nan pon, se trè byen wi. Men lè w rive, fò w mande moun ki konnen pou w pa al achte kochon vyann nan gen grenn. Men sa k rive yo.
Yo tande Mèt Zabèlbòk, yo konprann se yon bagay serye. Paske yo abitye wè mèt avoka, moun de byen. Yo pa konnen vakabon abiye pi rèd pase vakabon map wè toulejou Kwabosal yo. E nanpwen priyè non pou chase vakabon. Gen priyè pou chase malentespri. Vakabon, se an vakabon pou mete w avèk li pou w boule ak li.
Atò, monche gade, twòp pale, twòp koze kremòl. Ranje kò w pou ou bay moun yo andedan kay yo.”
-Mèt Zabèlbòk: “Ah oui je vois, je me suis trompé. Je ne suis pas chez moi.”
-Sandrin: “Gad lè w wè ou pa lakay ou.”
E si ou te rete, de (2) ti kay moun yo genyen an, ou tap vann sa fay minit. Se devan Katedral Mina ak manman li ta parèt, yon men devan yon men dèyè, si se pa yon kwi yo ta gen nan men yo ap lonje pou mande charite. Ah non monchè… Sa pa ta gen dwa fèt tou. …M la Hmm.”
-Mèt Zabèlbòk: “Bon alors oui, mais vous avez bien plaidé la cause…”
-Sandrin: “Se pa pou di mwen plede kòz la non. Se pou w di mwen genyen kòz la. Ou te konprann pou moun plede kòz, fò se an Franse. Ou pat konnen Kwabosal tap monte sou ou vin plede kòz li an Kreyòl. Paske mwen menm pa gen kont ak okenn lang. Kreyòl la se lang mwen, m konn pale li. E kreyòl pale, Kreyòl konprann… Ak tout sitwon ou mete bò bouch ou a. …M konn poukisa ou met sitwon an bò bouch ou a wi. Wape met Franse sirèt la wi… Se pou ou ka lonje yon bwa long bay moun. Pou w pete moun. Non! Mwen, menm bon madigra pa fè m pè, Zabèlbòk, se pa ti madigra (…) tankou w ki ta fè m pè. ….Ah non! Ranmase ou. Sa pa gen dwa fèt.”
-Mèt Zabèlbòk: “Ah bon je vois. Mais alors je comprends. Trahi par ma femme puisque Mina est d’accord. Je vais lui demander encore une dernière fois : Mina, c’est une affaire entendue. Vous êtes d’accord avec ma Matante?”
Mina: “Ah moi je ne sais pas. Mais je suis entièrement d’accord avec ma tante. Ma tante a raison, mes amis. Tu manques d’égard à manman, tu ne veux pas travailler. Non, non, non, je suis d’accord…”
Sandrin: “Men kijan pou l pa ta dakò a? Gen lè ou konprann map vin antre nan won san baton. Madanm nan se sè m, se bonjan sè m wi li ye. Ase betize non Zabèlbòk!”
ATANSYON: « Zabèlbok Bèrachat » se yon lodyans ki anrejistre sou CD. Se retranskri yo retranskri pawòl ki sou CD a. Se sou sitwèb 509Zone.com nou jwenn retranskripsyon an.