
Jounen lendi 5 oktòb la, ansyen visprezidan Ameriken e kandida pou eleksyon prezidan Etazini, Joe Biden, te pase vizite kominote Ayisyen an nan kad kanpay li tap fè nan Eta Florid la. Avan menm li te rankontre Ayisyen yo nan Little Haiti (Ti Ayiti), yon katye Ayisyen nan Mayami, li te fè soti yon dokiman kote li pwomèt Ayisyen yo lap fè yon kanpe sou depòtasyon an mas yo epi lap kontinye pwogram TPS la.
Kandida Joe Biden ak madanm li, Doktè Jill Biden, te debake nan Aryopò Entènasyonal Mayami ak mas yo nan figi yo bò 2:30pm. Youn nan premye kote yo te pase se Sant Kiltirèl Little Haiti nan Mayami. Te gen plizyè moun ki tap tann yo la, ladan yo depite nan Kongrè Ameriken Frederica Wilson, ak plizyè ofisyèl Ayisyen Ameriken tankou depite Florid Dotie Joseph, komisyonè Jean Monestime, elatriye.
Te gen yon anbyans fèt nan Little Haiti (Ti Ayiti). Ayisyen yo te resevwa ansyen visprezidan Obama a ak mizik. Drapo Ayisyen an tap flote epi fanatik kandida Demokrat la te akeyi l ak pankat ki make “Biden Harris 2020”.
Biden te rankontre tou ak lidè Ayisyen Ameriken yo ak lòt moun ki soti nan plizyè peyi nan Karayib la.
Pandan diskou li a, Joe Biden te diskite ak Ayisyen Ameriken yo plan li genyen pou “Remete [Etazini] Sou Pye” (Build Back Better).
Li te di: “Mwen sispèk sa a se eleksyon ki pi enpòtan nan vi nou.” “Se karaktè peyi sa a ki literalman andanje.”
Kandida a dekri kisa yon Mezon Blanch ak Biden-Harris ladan l ta vle di pou Ayisyen Ameriken. “Gen yon ekspresyon mwen souvan itilize. Mwen di, ‘Moun pa konn bay vag Etazini. Moun pa konn bay vag nan kominote Ayisyen an. Pa gen sa pyès, “li te di,” e mwen pwomèt nou m pap ban n vag lè m prezidan, map fè yon jan pou kominote Ayisyen an gen chans pa l, pou l rekanpe sou de pye l epi avanse nan direksyon kap pèmèt li reyalize tout kokennchenn potansyèl li.”
Apre l te fin fè sonje enpòtans Ayiti nan Listwa, Biden te raple piblik la wòl administrasyon Obama a te jwe, an patikilye nan zafè bay Ayisyen TPS (Stati pwoteksyon tanporè) apre tranblemantè ki te devaste Ayiti an 2010 la. Se menm TPS sa a, Biden te di, administrasyon Trump lan ap eseye retire nan men Ayisyen yo.
Biden te di divèsite elektora Sid Florid la se kle pou yon kandida gen laviktwa nan Jou Eleksyon an (3 Novanm).
“Mezanmi, kominote Ayisyen an pou kont li, si li patisipe tankou dènye fwa a, ka detèmine rezilta eleksyon sa a,” li te di. “Mwen serye lè m di sa a. Gade chif yo. ”
Ansuit Biden ak madanm li te met tèt yo sou Little Havana, kote kandida a te rankontre kominote Kiben Ameriken an.
Se pa premye fwa Joe Biden te vizite Sant Kiltirèl Ti Ayiti. Li te fè sa deja an 2010 apre tranblemanntè ki te pase Ayiti a.
Jonel Juste
One thought on “Joe Biden vizite Ayisyen yo nan Mayami”