« Rèv reveye » ak yon lòt powèm Jonel Juste

Men de powèm Jonel Juste pibliye nan “Solèy, Solèy”, premye liv pwezi li nan lang Kreyòl. Liv sa a gen plizyè powèm ladan l ki pale de Ayiti, de lanmou, de pwezi. Nou foure ladan l kèk tèks sou sitiyasyon konfinman ki oblije lemonn antye ret kache anndan kay yo poutèt maladi atrapan kowona kap fè ravaj nan lane 2020 an. Tèks sa yo te pibliye sou sit literè Plimay.

RÈV REVEYE

Mwen menm ki te bliye reve
Depi m fin wè w 
Tout rèv mwen reveye

Mwen menm ki te bliye reve
Epi w vin rive bridsoukou
Si w konn bato echwe
Ou plen je m ak sab lanmè

Depi m fin wè w
Nuit mwen pran depale
Tout zetwal ret bouch be

Ou antre nan chanm mwen
Ou trennen vag lanmè
Bato boutèy solèy
Zèl papiyon 
Lanbi ak koki tout koulè

Mwen ki te bliye reve
Tout rèv mwen fin fou
Pran voye wòch
Konble lanmè 
Memwa m fè yon nofraj
Teknikolò


SWASANNDISÈT

Oumenm avè m
Tonnè kraze w
M pap sèmante
Nou gen 77 chen fou pou n kenbe
Nou gen 77 chwal malen pou n donte
Nou gen 77 rivyè pou n seche
Nou gen 77 vòlkan pou n limen
Nou gen 77 tanbou pou n bat
Nou gen 77 bann pou n gaye
Nou gen 77 malentespri pou n chase
Nou gen 77 beniswaletènel pou n di
Nou gen 77 Sòm pou n resite
Nou gen 77 kout rèl pou n bay
Nou gen 77 anmwe pou n rele
Nou gen 77 kout kanno pou n tire
Nou gen 77 gouvènman pou n jete
Nou gen 77 jekwazandye pou n pèdi
Nou gen 77 zòn pou n kraze
Nou gen 77 limyè pou n etenn
Nou gen 77 chanm pou n batize
Nou gen 77 dra pou n chire
Nou gen 77 kabann pou n kraze
Nou gen 77 vwazinay pou n reveye
Oumenm avè m
Tonnè kraze w
M pap sèmante
Nou gen 77 lanmou pou n refè !

Jonel JusteSolèy Solèy, Éditions Bris d’Étoile, 2020.

KÈK TI MO SOU OTÈ A :

Jonel Juste fèt 2 oktòb 1980 nan Pòtoprens. Li se jounalis, powèt ak nouvelis. Li pibliye plizyè rekèy powèm tankou : Carrefour de Nuit, Solèy Solèy, I loved you before I knew your name. Li pibliye de (2) rekèy nouvèl : Trois fois passé là, The Watch. Li pibliye tou : Le rap: du sommet aux bas-fonds, yon esè sou rap ayisyen an.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: