Sa nou rele “Social Media”, oubyen medya sosyal an kreyòl, deklannche yon veritab revolisyon anba je nou la a pandan 20 dènye ane yo. Bagay ki te kreye pou jwèt vin tounen gwo zouti kominikasyon, maketing, biznis, sosyalizasyon elatriye. Pa gen jwèt ankò. Se plizyè milya dola mèt Facebook la ap brase ak sitwèb epi app li a. Moun ap fè Mastè nan Facebook. Gwo konpayi ap pran moun pou jere medya sosyal pou yo. Gade de ti videyo sa yo pou aprann plis.