Lagè sou Fèt Nwèl

screenshot_20161224-111802Jodi a gen plizyè gwoup moun ki deklare Fèt Nwèl la lagè Etazini. Gen mizilman ki rayi tout fèt kretyen, gen Temwen Jewova ki rayi tout fèt anjeneral, gen menm kèk gwoup kretyen ki sibi enfliyans Temwen Jewova ki rayi fèt la tou.

M te kwè se te mizilman yo sèlman ki te deklare Fèt Nwèl lagè poutèt se yon fèt kretyen, m te nan erè. Gen mizilman ki vin Etazini epi kap vin fè moun lalwa, kap mande pou yo pa jwe mizik Nwèl nan radyo oubyen nan espas piblik paske sa deranje yo. Men ala frekan, ala pèmèt! Si w vin lakay mwen, ou jwenn mwen ap jwe mizik mwen, ap selebre fèt mwen epi w deklare sa deranje w, se oumenm ki pou mete w deyò. Se konsa wi lè w fè ladesant lakay moun. Ou pa renmen Nwèl, bat dèyè w. Se pa de frekan moun mizilman sa yo te vin frekan sou prezidans Obama a. M tande yo di Obama se mizilman l ye tou, se sak fè l kite yo fè sa yo vle.

Pandan Obama prezidan an, yo pat vle moun di “Merry Christmas ” (Jwaye Nwèl) swadizan pou pa vekse mizilman yo. Ou te dwe di “Happy Holidays”. Men anverite se Fèt Nwèl la yo te bezwen elimine. Se pa ti koze non. Trump nèk monte sou pouvwa a li di “nap rekòmanse di Merry Christmas”.

Donk mizilman pa vle wè Nwèl. Men se pa sèl mizilman yo kap konbat fèt sa a. Youn nan relijyon swadizan kretyen ki rayi Nwèl  (e ki rayi tout fèt anjeneral, menm Pak) se Temwen Jewova. Ou ta sezi wè jan gwoup relijye sa a gen gwo enfliyans sou lòt denominasyon kretyen yo. Pwopagann anti-Nwèl yo a fè menm lòt kretyen di yo pap fete Nesans Jezi Kris ankò paske se yon fèt payen. Se pa de goumen ki genyen Etazini sou bagay sa a. Gen kretyen ki oblije kanpe pou defann Nwèl. Yo di menm si dat  25 desanm nan pa egzak, se pa yon rezon pou kretyen pa selebre nesans Sovè a ki se pi gwo evènman ki te rive sou latè. Bondye desann sou latè, tout moun dwe fè fèt. Se yon bèl bagay. Nou ka toujou pa dakò sou jou a, nou gendwa pa nan zafè Tonton Nwèl, men li enpòtan pou n make evènman an. Nwèl se okazyon pou fè moun yo sonje ki vrè sans fèt la epi di yo pouki Jezi te vin sou latè. Se okazyon tou pou moun manifeste lanmou, pou moun pataje. Ki mal ki gen nan sa? M dakò ou ka manifeste lanmou pandan tout ane a men konbyen nan nou ki fè sa vre? Nwèl se yon bèl epòk, kit ou selebre l legliz, kit ou selebre l ak fanmi w oubyen zanmi w, pa gen mal nan sa. Bondye beni w.

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: