Anpil moun pral fache pou sa m pral di a, men gras Bondye pa gen patipri. Menm si yon moun ta pi gwo kriminèl oubyen imoral sou latè, depi l repanti, Bondye ka fè l gras. M pral pi lwen: menm si moun sa a ta repanti imedyatman avan l mouri, Bondye ka fè l gras menm jan Jezi te fè sa pou lawon dwat la.
Pawòl la di nenpòt moun ki rele non Senyè a va sove. Sa se yon gwo verite. Eske sa vle di pou viv jan w vle epi tann lè w pral mouri pou di Jezi sove m? Pa egzakteman. Repanti avan w mouri pa fasil jan moun panse a. Premyèman ou pa gen okenn kontwòl sou jou wap mouri donk ou pa konnen si wap gentan repanti vre. Dezyèmman, sa mande anpil senserite epi regrèt peche w toutbon pou Bondye aksepte repantans ou an. Sa pa fasil. Li pa fasil pou viv tout lavi w nan rebelyon epi regrèt tout bagay yon sèl kou. Sitou si w te renmen rebelyon ak peche w.
Dènye rezon ki fè repantans inekstremis la pa fasil: Satan pap kite w fè l fasil konsa. Menm jan ak nou, Satan konnen Bondye ka sove yon pechadò ki repanti toutbon nan dènye moman l. Sa l fè? Li anpeche moun sa a fè sa. Li fè l mennen yon vi rebelyon ak dezobeyisans jiskake l mouri. Li asire l moun sa a pa repanti jiskaske l mouri. Li asire l moun sa a pral dwat nan lanfè. Anpil fwa li mare moun nan ak lajan, selebrite, konesans epi peche. Peche ki fè yon moun pa repanti se pa vòlè, touye moun oswa masimadi. Pi gwo peche a rele ògèy. Satan ap ranpli kè moun ak ògèy pou yo pa janm rekonèt yo peche, pou yo pa janm aksepte gras Bondye. Se konsa anpil atis, sipèsta, milyonè ak entelektyèl ap mouri nan ògèy yo.
Kè m toujou fè m mal pou yon seri gwo atis ki mouri e m konnen ki pral nan lanfè paske yo tap mennen yon lavi rebelyon kont Bondye. Dènye gwo sipèsta ki mouri la a rele George Michael. Misye te fè yon bèl chante Nwèl tout moun te renmen (Last Christmas) epi li mouri yon jou Nwèl. Sa dwòl. Men sa ki pi tris nan lanmò a se lè n konnen George Michael pral yon kote ki chaje soufrans akoz lavi #masimadi li tap mennen. Sa tris. Map ankouraje n priye pou gwo atis nou yo. Yo pase lavi yo ap fè chante pou fè moun kontan, men anpil ladan yo pral soufri pou toutan. Li pa fasil pou yo seri de moun tankou Madonna, Elton John, Angelina Jolie, Brad Pitt vire do bay peche yo epi vin jwenn Bondye. Moun sa yo mare ak lajan, selebrite oubyen omoseksyalite. Yo pral dwat nan lanfè si yo pa repanti.
Pawòl la di nenpòt moun ki rele non Senyè a va sove. Sa se yon gwo verite. Eske sa vle di pou viv jan w vle epi tann lè w pral mouri pou di Jezi sove m? Pa egzakteman. Repanti avan w mouri pa fasil jan moun panse a. Premyèman ou pa gen okenn kontwòl sou jou wap mouri donk ou pa konnen si wap gentan repanti vre. Dezyèmman, sa mande anpil senserite epi regrèt peche w tout bon pou Bondye aksepte repantans ou an. Sa pa fasil. Li pa fasil pou viv tout lavi w nan rebelyon epi regrèt tout bagay yon sèl kou. Sitou si w te renmen rebelyon ak peche w.
Dènye rezon ki fè repantans inekstremis la pa fasil: Satan pap kite w fè l fasil konsa. Menm jan ak nou, Satan konnen Bondye ka sove yon pechadò ki repanti toutbon nan dènye moman l. Sa l fè? Li anpeche moun sa a fè sa. Li fè l mennen yon vi rebelyon ak dezobeyisans jiskake l mouri. Li asire l moun sa a pa repanti jiskaske l mouri. Li asire l moun sa a pral dwat nan lanfè. Anpil fwa li mare moun nan ak lajan, selebrite, konesans epi peche. Peche ki fè yon moun pa repanti se pa vòlè, touye moun oswa masimadi. Pi gwo peche a rele ògèy. Satan ap ranpli kè moun ak ògèy pou yo pa janm rekonèt yo peche, pou yo pa janm aksepte gras Bondye. Se konsa anpil atis, sipèsta, milyonè ak entelektyèl ap mouri nan ògèy yo.
Kè m toujou fè m mal pou yon seri gwo atis ki mouri e m konnen ki pral nan lanfè paske yo tap mennen yon lavi rebelyon kont Bondye. Dènye gwo sipèsta ki mouri la a rele #GeorgeMichael. Misye te fè yon bèl chante Nwèl tout moun te renmen (Last Christmas) epi li mouri yon jou Nwèl. Sa dwòl. Men sa ki pi tris nan lanmò a se lè n konnen #GeorgeMichael pral yon kote ki chaje soufrans akoz lavi #masimadi li tap mennen. Sa tris. Map ankouraje n priye pou gwo atis nou yo. Yo pase lavi yo ap fè chante pou fè moun kontan, men anpil ladan yo pral soufri pou toutan. Li pa fasil pou yo seri de moun tankou Madonna, Elton John, Angelina Jolie, Brad Pitt vire do bay peche yo epi vin jwenn Bondye. Moun sa yo mare ak lajan, selebrite oubyen omoseksyalite. Yo pral dwat nan lanfè si yo pa repanti.
Jonel Juste