Trump menase met afè DeSantis deyò

Mèkredi 9 novanm, Miami.- Ansyen prezidan Ameriken Donald Trump menase met afè DeSantis deyò si gouvènè Florid la – ki fèk pran yon dezyèm manda- ta gen entansyon kandida pou prezidan an 2024.

“M pral di pawòl ki pa enteresan pou DeSantis menm. Mwen konnen plis bagay sou misye pase nenpòt ki moun, sof petèt madanm li,” ansyen prezidan an ta deklare, dapre jounal New York Times.

Depi lè DeSantis fin genyen eleksyon madi 8 novanm nan kote li bat kandida demokrat Charlie Crist pou l pran dezyèm manda, plizyè moun wè nan li yon chanpyon, espwa pou pati repibliken an kente an 2024. Kididonk DeSantis kòmanse popilè nan mitan repibliken yo.

Bagay sa yo pa fè Donald Trump byen ditou e li kòmanse tire pye. Depi avan denyè eleksyon yo, li te kòmanse bay DeSantis ti non pou pase l nan betiz. Trump gen anbisyon al kandida an 2024 pou tounen nan Mezon Blanch, fè yon dezyèm manda. Men menm si milyadè Ameriken toujou popilè nan mitan ekstremis repibliken yo, li chaje pwoblèm jidisyè ki fè moun panse yo ka arete l avan 2024 rive.

Donk gen repibliken ki panse yo bezwen yon altènativ e apre viktwa DeSantis la, gouvènè Florid la pi sanble ta fè yon bon kandida pou 2024. DeSantis limenm pa janm demanti li gen entansyon kandida pou prezidan malgre 2e manda gouvènè li fèk pran an. Li ka toujou demisyone nan mitan manda 4 tran l lan epi lage kò l nan kous pou laprezidans Etazini.

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: