Yon Misyon Ak 4 Sivil nan Lespas

Pou premye fwa nan listwa, yon misyon spasyal ap genyen 4 sivil ladan l sèlman. Moun sa yo pral monte nan lespas sou yon navèt spasyal, kite atmosfè a, vole alantou tè a epi retounen. Navèt la ki rele Dragon Crew ta dwe dekole 15 septanm 2021. Pou anpil moun, sa bay espwa yon jou nenpòt ki moun ap ka al nan lespas.

Lè nou di kat sivil pral nan lespas, sa vle di kat moun ki pa gen rapò ak Leta, ki pap travay pou gouvènman Ameriken an, ki pa fè pati yon ajans spasyal tankou NASA. Moun sa yo pral nan lespas sou yon vòl konpayi prive (SpaceX) òganize. Anjeneral moun ki al nan lespas Etazini se astwonòt, militè oubyen kèk syantifik. NASA byen antrene moun sa yo epi byen ekipe yo pou vwayaj sa yo. Yo pase yon bann tès difisil avan yal nan misyon.

Kat sivil yo chwazi pou misyon spasyal sa a ki rele Inspiration4 se Jared Isaacman, Hayley Arceneaux, Chris Sembroski ak Doktè Sian Proctor. Jared Isaacman se yon biznismann milyadè Ameriken epi li se yon pilòt. Se li menm ki pral kòmandan misyon an. Isaacman gen bèl eksperyans nan pilote avyon. An 2008, li te fè wonn tè a sou djèt prive li an 83 zèdtan. Li te manke bat rekò ki deja egziste a ki se 82 zèdtan. Lòt sivil kap nan misyon sa a se enjenyè Chris Sembroski; pwofesè lasyans, Nwa Ameriken Sian Proctor, epi Hayley Arceneaux, yon anplwaye Lopital Timoun St-Jude. Ti dam sa a te yon pasyan Lopital St-Jude kote yo te trete l pou kansè nan zo. Kounye a lap travay nan lopital sa kòm asistan medikal.

Se pou premye fwa yap pran 4 moun òdinè pou yon vwayaj konsa, sa ki bay espwa yon jou nenpòt moun ka wayaje al nan lespas san okenn kalifikasyon spesyal pou sa. Vwayaj sivil sa a se kapab yon etap nan sa yo rele vwayaj spasyal komèsyal yo.  Kat sivil misyon Inspiration4 yo gen pou yo vole 15 septanm 2021 sou navèt spasyal Crew Dragon ki se pou konpayi SpaceX.

Touris nan lespas

Se pa premye fwa sivil pral nan lespas. Gen yon bagay ki rele touris spasyal kap devlope depi kòmansman ane 2000 yo. Ant 2001 al 2009, gen 7 touris ki te fè 8 vòl abò yon veso spasyal Larisi ki rele Soyouz. Touris sa yo se te milyonè ki te peye ant 20 ak 25 milyon dola Ameriken pou chak vwayaj. Touris sa yo pat al pou kont yo, gen astwonòt pwofesyonèl ki te akonpaye yo. Se sa ki diferans ak misyon Inspiration4 kote tout moun ki nan misyon an se sivil e yo pa milyonè, eksepte kòmandan misyon an, Jared Isaacman.  

Otèl nan lespas

Si vin gen plis moun kap vwayaje lespas jodi a, nou ka mande ki kote yo prale piske lasyans poko dekouvri lavi sou lòt planèt. Pou kounye a gen sèlman twa posibilite pou yon vwayajè spasyal: lè l fin kite atmosfè tè a epi le l rive nan lespas, se swa li fè viwonn planèt la, swa l al sou lalin, swa l al vizite stasyon spasyal ISS. Sepandan, gen yon konpayi Kalifòni kap devlope yon 4e posiblite: yon otèl nan lespas.

Konpayi Orbital Assembly anonse nan mwa Mas 2021 li pral kòmanse bati premye otèl nan lespas an 2025, otèl sa a ta dwe resevwa premye kliyan li yo an 2027. Lide sa a pa egzajere lè n sonje deja gen yon stasyon spasyal kote plizyè moun ap viv. Kòm nou konnen l, stasyon sa a rele ISS (International Space Station, kididonk Stasyon Spasyal Entènasyonal). ISS se yon kote astwonòt ak syantifik divès nasyonalite ap fè rechèch toutan. Gen moun ki konn pase 6 mwa al ennan nan stasyon spasyal sa a yo pa janm desann isiba.

Li posib pou Konpayi Orbital Assembly kopye modèl ISS la, men yo vle al pi lwen. Yo vle rezoud pwoblèm pezantè a. Jiskaprezan nan lespas, tout moun flote, yo ret pandye paske pa gen pezantè anlè a.

Orbital Assembly di li pral kreye yon pezantè atifisyèl anndan otèl la pou vizitè yo ka mache nòmal olye yo pandye anlè. Lasyans ap avanse. Bagay nou te konn wè nan fim ap tounen reyalite devan je nou la a.

Jonel Juste  

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: