
Ansyen prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, Dr Yves Jean Bart (Dadou Janba), tonbe anba gwo sanksyon FIFA ki entèdi l patisipe nan zafè foutbòl pou tout rès vi li. Met sou sa, Dadou dwe peye FIFA yon amann 1 000 000 fran Swis, swa plis pase 1 milyon dola Ameriken.
Nouvèl la tonbe vandredi 20 novanm sou sitwèb Fifa.com. Òganizasyon mondyal foutbòl la deklare, apre ankèt li te mennen, li jwenn Dadou Janba “koupab zak abi pouvwa ak agresyon seksyèl sou plizyè jèn foubolèz ki gen ti minè ladan yo, yon bann aksyon ki vyole kòd etik FIFA a”.
Nouvèl sa a te gaye tankou dife nan pay kann sou rezo sosyal yo epi anpil moun tap bay opinion yo sou gwo sankyon sa a ki tonbe sou ansyen prezidan Federasyon foutbòl Ayisyen an 6 mwa apre yon jounal Britanik (The Guardian) te met deyò abi ak zak agresyon Dadou Janba tap komèt sou plizyè ti medam kap jwe foutbòl Ayiti ant 2014 e 2020.
Nan desizyon li pran sou dosye a, FIFA fè konnen li dekouvri Dadou Janba te vyole plizye prensip nan kòd etik oganizasyon an tankou atik 23 (Pwoteksyon entegrite fizik ak mantal) ak atik 25 (Abi pouvwa sou baz pozisyon). Donk li sanksyone l ak yon entèdiksyon pou lavi diran nan tout aktivite ki gen rapò ak foutbòl (administratif, espò oswa nenpòt ki lòt bagay) kit se nan nivo nasyonal oubyen entènasyonal. Met sou sa, Dadou dwe peye FIFA yon gwo kantite lajan, saw plis pase 1 milyon dola Ameriken.
FIFA fè konnen li pran desizyon sa a depi 18 Novanm 2020 epi li enfòme Dadou Janba sou kondisyon yo jodi 20 novanm nan, jou entèdiksyon an dwe kòmanse a. Sanksyon FIFA a tonbe kèk tan apre lajistis Ayiti te deklare Janba inosan pou tout akizasyon ki te sou do l yo.
Jonel Juste
Se konsa wi lew pa fait zafèw dwat. You jou yap kembew anyen pap ka lavew.
LikeLike