Ayiti : Pou pi piti 5 moun mouri, 20 avril 2022 a, lè yon ti avyon tonbe nan komin Kafou

Yon atik Jean Élie Paul ekri pou ajans Alterpresse

Depi lè bandi ak zam bloke Matisan, yon twonson wout ki konekte Pòtoprens ak Sid peyi Dayiti, moun oblije chache lòt jan pou al nan Sid. Genyen ki pase sou tèt mòn, gen lòt ki pran bato. Sa ki gen plis mwayen panse anlè. Bagay sa a lakòz trafik avyon vin ogmante nan zòn metwopolitèn nan. Yon seri ti avyon ap vole san okenn kontwòl, san Leta pa di yon mo. Mèkredi 20 avril la, yon avyon ki t ap soti Pòtoprens pou al Jakmèl (Sidès) te fè aksidan sou wout Ray nan komin Kafou. N ap poste isit la yon atik an Kreyòl  Jean Élie Paul ekri pou ajans nouvèl Alterpresse sou deblozay sa a.  

Pòtoprens, 20 avril 2022 [AlterPresse] — Pou pi piti 5 moun pèdi lavi yo, nan yon ti avyon, ki gen nimewo HH-SAH, ki kraze sou wout ray, nan komin Kafou, nan aprèmidi mekredi 20 avril 2022 an, dapre enfòmasyon ajans sou entènèt AlterPresse ranmase.

Ti avyon sa a, ki te kite Pòtoprens, ta pral Jakmèl, depatman Sidès peyi d Ayiti, dapre sa responsab Lapolis nan komin kafou an, Pierre Belamy Samedi, di jounal Le Nouvelliste.

Gen 5 moun ki pèdi lavi yo tousuit nan aksidan ti avyon an, ak 3 lòt moun, ki pa t nan ti avyon an, ki soti blese, dapre premye eleman enfòmasyon yo.

Pilòt la, yon etranje ki rele Amado R. Gutierres, rive chape nan aksidan sa a. Yo te kouri mennen l lopital.

Nan moman ti avyon an t ap kraze an, li t al frape yon kamyon.

Nan divès videyo, sou rezo sosyal yo, moun ka wè ti avyon sa a, ki kraze an miyèt moso, epi kadav plizyè moun ki t ap benyen nan san yo, sou wout ray la, pa twò lwen yon ti pòs polis.

Premye minis defakto an, Ariel Henry, di li gen anpil lapenn, lè li aprann aksidan ti avyon sa a, ki kraze sou wout kafou an, ki lakoz plizyè moun pèdi lavi yo ak plizyè lòt soti blese. Nan yon twit li fè, nan aprèmidi mekredi 20 avril 2022 an, li di li voye senpati li bay fanmi viktim yo, nouvo dram sa a vin lage nan plis toumant.

Ariel Henry di li mande otorite konpetan yo, espesyalman Ofis nasyonal avyasyon sivil (Ofnac), louvri prese prese yon ankèt, pou rive konnen ki sa k lakoz aksidan trajik sa a.

Se pa premye ti avyon, k ap fè alevini ant Potoprens ak Jakmel, ki kraze.

Nan dat 2 jiyè 2021 an, yon ti avyon te kraze nan komin Leyogán. Tout 6 pasaje, ki te nan ti avyon an, te pèdi lavi yo.

Akoz degenn gang ak zam, ki bloke pasaj machin nan Matisan, depi dat premye jen 2021, vin gen gwo alevini ant Pòtoprens ak depatman Sidès ak Sid peyi d Ayiti.

Moun, ki kapab yo, degaje yo peye tikè avyon, pou ale ak soti nan Sidès ak nan Sid peyi d Ayiti.

Otorite defakto yo rete bèkèkè, pa fè anyen, pou kwape zak malfektè gang ak zam yo, ki kontinye ap simen laterè divès kote, sou teritwa nasyonal la.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: