So that’s what it’s all about…

Screenshot_20160704-221458Gad kijan m te byen anvi desann sou Biscayne pou m al selebre Fèt Endepandans Amerika, pou m al gade fedatifis kap fè kenken jan m abitye fè chak 4 Jiyè. Men, ane sa a mwen refize desann pase m pè. Mwen vin pè foul moun kounye a. Èske gen yon mo syantifik pou sa? Google di m soufri “Demofobi”. Mwen imajine yon move bagay ka rive nan yon rasanbleman piblik foul moun. Yon bagay tankou yon teworis zagoloray ki deside rale zam fann fwa epi ouvè moun ak katouch. M pè pou yon ektremis radikal pa pwofite gwo rasanbleman piblik 4 Jiyè a pou masakre inosan paske yo fè l kwè gen yon bondye kriminèl kap rekonpanse l si li rive touye yon bon kantite moun.

Poukisa w kwè teworis la vle touye moun yo? Pou l ka jwenn 70 vyèj nan paradi. Ala traka papa. Yo fè yon moun kwè si l touye plizyè moun epi l touye tèt li, li pral nan paradi kote li pral fè sèks òji, banboche ak 70 vyèj pou letènite. Donk se pou fant janm fann teworis sa yo ap mache touye moun konsa? Donk nèg sa yo se yon bann fristre seksyèl? Men se pa fòt yo, se yon bann mechan ki itilize fatra relijyon ak fristrasyon seksyèl yon bann malere yo voye yo al fè zak sasinay masakray tèt chaje. Ala traka papa.

Se relijyon kremòl ak fant janm fanm ki fè nèg yo fou? Anverite kè m fè m mal pou 70 vyèj sa yo. Antouka m ret lakay mwen. Ma gad selebrasyon an nan TV. M pap pran lari pou fristre seksyèl, malad sèks, pa viktim mwen. Tanpri Bondye, pwoteje Amerika.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: