$500 000 Netwayaj Nan Mezon Blanch Apre Trump Fin Ale

Apre Donald Trump fin kite Mezon Blanch, yo pral fè yon gwo netwayaj nan palè prezidansyèl Ameriken an, yon netwayaj espesyal, yon lavaj apresyon pou elimine tout kalte viris ki ladan l, tankou kowona. Netwayaj konplè sa a ap koute 500 mil dola vèt, dapre sa nou li sou CNN. Pou kèk moun netwayaj sa a pa sèlman sanitè, li gen yon siyifikasyon senbolik tou.

Se toujou yon tradisyon pou yo netwaye Mezon Blanch lè yon prezidan ap soti epi yon lòt ap antre. Men ane sa a, bagay la diferan ak ane avan yo. Rezon an se paske Mezon Blanch lan te tounen yon nich pou kovid. Plizyè moun te trape maladi a nan palè a, ladan yo prezidan sòtan Donald Trump limenm menm. 

Pwochen prezidan Ameriken an, Joe Biden, gen yon bèl laj (78 an); li nan kategori moun ki pi frajil yo e ki gen mwens rezistans pou viris la. Donk yo pa ka pran chans mete l nan yon palè ki kangrennen ak Kovid-19. Fòk yo asire yo Mezon Blanch pa gen okenn tras viris sa a ladan l.

Leta Ameriken pral pwòpte Mezon Blanch byen pwòpte, yo pral netye l, dezenfekte l, klin li byen klin apre Donald Trump fin kite l, avan Joe Biden antre ladan l. Netwayaj sa a ap koute prèske yon demi-milyon dola, dapre enfòmasyon televizyon Ameriken CNN rive jwenn e yo pibliye sou sitwèb yo, cnn.com.

 Anjeneral, travay pwòpte Mezon Blanch lan se djòb ekip netwayaj Mezon Blanch, epi lè se yo ki fè l, li pa koute Leta $500 000. Men fwa sa a farin nan pa vin nan menm sak. Leta Ameriken pa vle pran chans, yo pito rele yon konpayi prive ki espesyalize nan zafè netwayaj pou yo sèten se nan yon palè san viris san azipopo Joe Biden pral antre 20 janvye 2021. Yap trete Mezon Blanch tankou nenpòt ki kote ki kontamine ak kowona, yon ofisyèl Ameriken deklare bay CNN. 

Konpayi netwayaj la pral flite, dezenfekte kay pèp Ameriken an, chanje kapèt, chanje rido, chanje mèb, lave epi pentire panno, jete tout fatra ansyen administrasyon an kite nan Mezon Blanch. 

 Prezidan Donald Trump te fè konnen semèn pase li pa tap patisipe nan seremoni prestasyon sèman prezidan Joe Biden nan. CNN rapòte lafanmi Trump pwograme pou yo kite Wachintonn depi lavèy, nan dat 19 janvye. Prezidan Biden limenm ap pase nuit 19 al 20 janvye a nan yon otèl kapital Ameriken an, epi kèk èdtan apre lap antre nan Mezon Blanch apre Trump fin ale, apre yo fin pwòpte palè a byen pwòpte.

Pou kèk moun netwayaj sa a pa sèlman sanitè, li gen yon siyifikasyon senbolik tou. Yo kwè se rejim Donald Trump lan yo vle efase tou.

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: