Avèk devlopman teknoloji a, gen yon seri maladi kap devlope nan mantal anpil moun. Maladi sa yo soti nan jan moun ap itilize teknoloji a ak jan sèvo a reyaji ak li.
Gen yon lis maladi ki gen rapò ak devlopman teknolojik, sitou nan zafè teknoloji enfòmasyon, Entènèt ak rezo sosyal. Nap viv nan yon epòk kote nou bonbade ak anpil enfòmasyon e sa gen kèk konsekans negatif sou sante mantal (menm fizik) plizyè moun.
Gen yon bann maladi ki pat egziste lontan e ki vin parèt pandan 20 dènye ane pase yo. Pandan tan sa a, teknoloji enfòmasyon, Entènèt, rezo sosyal, telefòn mobil vin devlope ak yon vitès anraje epi anpil moun vin ap sèvi ak yo. Si lontan yon òdinatè se te yon gwo aparèy ki te lajè yon chanm kay, jodi a anpil moun gen nan pòch yon ti òdinatè ki mil fwa pi puisan pase gwo òdinatè lontan yo. Ti òdinatè sa yo se telefòn mobil, selilè, oubyen smatfòn. Telefòn sa yo sèvi non sèlman pou rele moun men ou ka branche sou Entenet ak yo. Ou ka menm gade fim sou yo. Genyen ki pèmèt ou fè travay ou tap bezwen yon michan konmpitè pou fè lontan. Se sa ki esplike anpil moun vin adikte ak ti aparèy sa yo. Gen moun ki di yo pa ka viv san yo, se tankou yon dwòg. Gen lòt ki pap dòmi nan nuit paske telefòn nan pran tout tan yo. Bagay sa yo bay gwo kè sote pou sante mantal e menm fizik moun sa yo.
Dapre aleteia.org, nan lis maladi ki vini ak devlopman teknoloji enfòmasyon an, nou ka site :
- Je chèch. Non se pa odasye moun yo odasye, se je yo ki chèch menm paske yo pase twòp tan ak gade yon ekran telefòn oubyen òdinatè. Moun nan gendwa gade ekran an pandan yon bann tan san l pa bat je l, san kanpo, donk je l pa janm mouye. Le konsa je moun an vin tou wouj, li gendwa we twoub, je l grate l elatriye.
- FOMO. Se akwonim ekspresyon anglè “Fear of missing out”, ki vle di ou pè pou pa rate kèk bagay. Anpil moun kap itilize Entènèt, sitou rezo sosyal tankou Facebook, Twitter, Instagram, Whatsapp, ak Snapchat konn pè pou yo pa rate dènye bagay kap pase sou Entènèt la, dènye videyo, dènye zen, dènye nouvèl, dènye blag, dènye bagay ki alamòd la. Moun sa yo konn ap veye kisa zanmi yo ap achte, ap mete, ap fè pou yo ka fè menm bagay la paske pou yo se dènye mòd la, donk yo pa vle rate l.
- Fo sansasyon telefòn kap sonnen. Pafwa gen moun ki santi telefòn yo ap vibre nan pòch yo epi se pa vre. Se yon bagay ki nan lespri yo paske yo tèlman adikte ak telefòn nan, yo imajine l ap sonnen.
- Nomofobi. Mo sa a soti nan anglè “no-mobile-phone phobia”. Se lè yon moun pè pou telefòn li pa nan men l oubyen li pa ka itilize l paske l pa gen chaj oubyen li pa ka jwenn siyal. Gen moun ki konn menm rive fè gwo atak panik lè yo pa ka sèvi ak telefòn yo.
- Ensomni. Anpil moun pa dòmi nan nuit oubyen dòmi ta paske yo rete nan telefòn yo. Se kòmsi yo pa ka fèmen telefòn nan. Se lè dòmi an pete je yo, yo resi bay vag.
- Sibèkondri. Se vèsyon dijital ipokondri (lè yon moun panse l malad men se pa vre). Gen anpil moun ki, depi yo santi yon doulè, kouri al chache koz la sou Entènèt. Entènèt la konn ba yo plizyè koz men yo chwazi sa ki pi terib la. Paregzanp, yon moun ka gen yon tètfèmal epi lal chache sou Google ki maladi ki bay maltèt. Gendwa se yon senp maltèt li genyen, men li pito kwè li gen kansè nan sèvo epi l pral mouri!
- Depresyon Facebook. Se lè w deprime paske w wè tout zanmi w ap byen pase sou Facebook epi oumenm wap mal pase. Ou panse tout moun ap byen mennen epi oumenm wap trennen. Donk lè konsa ou tris, ou fè depresyon Facebook. An reyalite, pifò moun poste bon moman yo sou Facebook epi yo sere pwoblèm yo. Gen moun Ayiti ki ap suiv sou Facebook zanmi oubyen fanmi yo ki sanble ap byen mennen altranje, men ki pa konprann reyalite sa a.
- Maladi adiksyon Entènèt. Se pwoblèm moun ki tèlman pase tan sou Entènèt yo pa gen tan pou regle anyen ankò. Moun sa yo malad, yo adikte. Menm si yo pap regle anyen serye sou Nèt la men yo toujou sou li. Moun sa a gendwa itilize Entènèt kòm yon jan pou l pa sosyalize ak lòt moun, pou l pa soti, brèf pou l mawon dèyè teknoloji a.
- Adiksyon Videyo Gem sou Entènèt. Videyo gem se youn nan pi gwo bagay ki fè moun adikte ak Entènèt. Gen moun (gramoun kou timoun) ki konn pase yon jounen ap jwe san kanpe. Moun sa a gendwa pa janm sot lakay li ni al nan okenn aktivite pou kontre ak moun parèy li. Tout lavi l se videyo gem. Gen timoun ki pa al lekòl pou yo ka jwe, gen granmoun ki pa al travay. Etazini, bagay sa a konn kraze fwaye kèk mesye marye ki pa gen tan pou fanmi yo.
- Efè Google. Se lè sèvo moun vin parese, li refize kenbe enfòmasyon paske l konnen lap jwenn ni sou Google. Grasa Entènèt, yon moun ka gen aksè ak prèske tout enfòmasyon lezòm te pran tan pou kolekte pandan plizyè syèk. Kòm konsekans, sèvo lòm jodi a vin parese, li derefize fè jefò paske li jwenn enfòmasyon byen fasil. Li lage tout kadav kò l sou teknoloji a pou fè tout bagay pou li. Jodi a pifò moun pa kenbe okenn nimewo telefòn nan tèt yo. Se Facebook ki fè moun sonje anivèsè fanmi oubyen zanmi yo.
Gen plizyè lot maladi mantal teknoloji a pwodui toujou, men youn nan sa ki pi grav nou remake (nou pa konn si gen yon non pou li deja), se sa nou ta rele gonfliman enfòmasyon. Se lò yon moun monte sou Entènèt epi li gade yon bann videyo sou YouTube oubyen li li yon bann bagay li pa menm fin konprann (ni li pa konn si yo se vre) epi li fè sèvo l tounen yon bonm tchaka pou l melanje tout enfòmasyon tèt anba devan dèyè lanvè landrèt sa yo. Bagay sa yo kreye yon kokennchenn konfizyon nan lespri moun sa a epi l fè l vin 10 000 fwa pi sòt pase jan l te sòt avan an. Li moun sa a pa pale ou pa ta di se yon dyare serebral li genyen, sèvo l ap voye matyè adwat agoch. Li pale tout pawòl, li melanje tout koze, ou pa wè ni pye ni tèt pawòl la. Lè w mande l kote jwenn ak tout « enfòmasyon » sa yo, li di w sou Entènèt monchè.
Gen lòt moun menm ki se fanatik sa yo rele « teyori konplo » yo. Yon kwè gen gwo òganizasyon mondyal kap fè yon konplo depi digdantan pou detwi limanite. Pa gen aksidan, tout bagay byen planifye, byen prepare nan yon gwo laboratwa entènasyonal. Gen lòt ankò, ki panse yo dekouvri laverite sou orijin yon seri selebrasyon tankou Pak, Nwèl, elatriye. Yo pa manke nui moun sou rezo sosyal yo pou anpeche yo selebre fèt sa yo. Yo tap fete Nwèl depi 50 an epi yon bon maten Entènèt voye di yo li pa bon ankò. Je yo louvri epi yo vle louvri je tout moun sou « danje » fèt sa a. Evite pil moun Entènèt fè fou sa yo.
Jonel Juste