T-Check: Jounalis Ayisyen ap konbat Fo Nouvèl

t-checkSamdi 14 desanm pase a, plizyè jounalis Ayisyen lanse ofisyèlman nan Pòtoprens yon platfòm ki rele « T-Check » pou goumen ak fo nouvèl ki fin anvayi espas medyatik la, kit se medya tradisyonèl oubyen rezo sosyal yo. Anpil moun bat bravo pou bèl inisyativ sa a.

Avèk rezo sosyal yo kap vin popilè pi plis chak jou, fo nouvèl (Fake News) vin tounen yon fleyo nan medya toupatou sou latè beni. Ayiti pa egzan nan fenomèn sa a. Anpil moun itilize rezo sosyal yo, sitou Facebook ak Whatsapp pou simaye tout kalte manti ki ka fè gwo dega lè moun kwè ladan yo. Se konsta sa a ki pouse yon gwoup jounalis Ayisyen ki fe pati AHML (Asosyasyon Ayisyen medya sou Entènèt) pran inisyativ kreye yon platfòm (sitwèb +rezo sosyal) pou verifye flonn « enfòmasyon » kap sikile nan medya chak minit, chak segonn.

Moun ki te kòmanse « T-Check » se jounalis Franciyou Germain, direktè-fondatè Maghaiti.org ak T-Check.org. Selon Mesye Germain, ki se tou visprezidan AHML, lide pou kreye « T-Check » te jèmen nan lespri l depi lane 2016 pandan li tap patisipe nan yon aktivite ki rele « Hackathon » Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) te òganize nan Pòtoprens ansanm ak «Ecole Supérieure d’Infotronique d’Haiti » (ESIH) e òganizasyon entènasyonal « Hackastory ». Objektif aktivite sa a se te pwodui epi devlope yon seri pwojè pou mete metye jounalis la opa ak jan teknoloji a ap evolye jodi a.

Depi lè sa a pwojè « T-Check » la te kreye. Depi lè sa a T-Check tap suiv aktyalite a epi demanti anpil fo nouvèl. Yo itilize sitwèb yo a T-Check.org ansanm ak rezo sosyal Twitter, Facebook ak Instagram pou bat chalbari dèyè yon bann manti kap fè lapli e lebotan nan espas medyatik la. Yo enfòme popilasyon an sou move enfòmasyon kap boujonnen nan medya Ayisyen yo. Men jiskaprezan inisyativ la potko ofisyèl. Se dezan apre l fin kreye epi li pran manm yo deside lanse l ofisyèlman ak yon konferans nan Dèlma samdi 14 desanm pase a, dapre sa n konstate.

T-Check bay tèt li misyon pou «Analize degre konfyans moun ka fè pil bann enfòmasyon kap sikile sou Entènèt ak nan divès medya tradisyonèl yo. Lap chache konnen tou si pa gen moun kap itilize oubyen detounen enfòmasyon sa yo pou sèvi pwòp enterè pa yo”.

T-Check demanti plizyè fo nouvèl ki ta fè kwè paregzanp « Moyiz Jan Chal al patisipe nan gradyasyon pitit li ki lekòl altranje », oubyen « Yo arete chantè T-Joe Zenny » oubyen « Kanada ta pwomèt Ayiti yon èd 3 milyon dola » apre tranblemanntè ki te frape Nò peyi a mwa Oktòb pase a.

T-Check pa sèlman demanti fo nouvèl men li pibliye bon nouvèl tou. Lè yon enfòmasyon ap sikile epi gen moun ki doute, T-Check vini li konfime enfo a depi se vre. Anplis, si gen kèk ofisyèl ki te bay yon manti sou yon dosye kèlkonk, T-Check demanti moun sa yo. Platfòm sa a pibliye tou yon lis « medya » kap pibliye fo nouvèl, yon lis medya pou evite.

T-Check se premye stil medya konsa ki egziste Ayiti. Yo rele mòd medya sa yo ann anglè “fact-checker”, sa vle di yap tcheke kisa ki verite nan yon seri nouvèl kap sikile, kisa ki manti. Medya sa yo vin popilè anpil apre eleksyon 2016 la Etazini. Sa yo rele ann anglè « Fake News » la tap boujonnen toupatou. Anpil moun te monte sou Entènèt pou ekri sa yo vle epi fè l pase pou nouvèl pou regle biznis yo. Gen moun ki te kwè nan fo nouvèl sa yo epi yal fè lòbèy (gen yon sitwayen ki te antre al tire nan yon restoran apre li te fin li yon atik sou Entènèt). Donk medya ki serye yo te oblije kontrekare bann fo jounalis yo epi miltipliye « fact-checker » yo pou demanti pil manti kap sikile yo, sitou sou rezo sosyal yo. Chak peyi gen « fact-ckecker » pa yo. Etazini gen yo pakèt men sa ki pi popilè a rele « Snopes ». Li demanti fo nouvèl epi l bay bon nouvèl tou. Lafrans limenm gen youn ki rele « Decodex » ke jounal Le Monde te kreye. Enben kounye a Ayiti gen « T-Check ».

“Gen yon epòk anpil moun tap di medya yo ap fin disparèt akoz Entènèt, men jodi a anpil moun wè enpòtans medya kap bay bonjan nouvèl paske tèlman gen swadizan medya ak endividi kap simaye manti pou tout kalte rezon. Se pou sa nou bezwen medya tankou Snopes, Decodex oubyen T-Check », yon moun ekri sou Facebook.

Al sou sitwèb T-Check, suiv you sou rezo sosyal yo, Facebook, Twitter ak Instagram.

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: