Gwo danje Fo Nouvèl sou Whatsapp

what1Nan zafè Fakenews (fo nouvèl), Whatsapp pi mal e pi danjere pase Facebook. Moun poste nenpòt sa yo vle sou li. Nenpòt ki rimè ak manti, se sou Whatsapp pou jwenn li. Anpil moun pa ka fè diferans ant bon nouvèl ak fo nouvèl. Depi yo wè yon bagay sou Whatsapp, yo konn se vre, epi yo voye l bay tout moun yo konnen.

Jodi a Whatsapp se youn nan pi gwo rezo sosyal anpil moun itilize. Dapre dènye statistik ki soti (oktòb 2018), rezo sosyal sa a gen plis pase 1.5 milya moun ki branche sou li. Nan chif sa a, gen anpil Ayisyen, ann Ayiti kou nan Dyaspora, kap itilize Whatsapp. Anpil Ayisyen sèvi avè l pou rele fanmi yo ann Ayiti oubyen moun Ayiti kap rele aletranje, yo voye foto, videyo, mesaj vokal (voicenote) youn bay lòt. Yo konn menm fè apèl videyo andirèk lè Digicel ba yo chans.

Men gen moun ki itilize Whatsapp tou pou fè kouri tout kalte vye bri, manti ak rimè, tout kalte fo nouvèl, sitou nan zafè politik. Pandan peryòd manifestasyon ak grèv 18 novanm ki sot pase a, gen yon moun ki voye yon mesaj vokal sou yon gwoup Whatsapp ki popilè anpil ann Ayiti ak nan Dyaspora a. Mesaj la voye di prezidan Jovenel pral demisyone. Se te manti, men sa ki pi grav la se jan moun ki lage mesaj la fè tèt li pase pou yon prezantatè nouvèl nan radyo kap anonse gran tit yon jounal. Moun nan mete mizik jenerik, li pran pòz lap prezante nouvèl, elatriye. Lè m tande mesaj la m gentan sispèk se manti paske pat gen okenn medya serye ki te bay “nouvèl” tèt chaje sa a. Lide m di m se yon app espesyal moun nan itilize pou l fè sa (ou ka fè nenpòt sa w vle ak yon app). M konnen se te manti, men gen anpil lòt moun ki te panse se vre. Moun nan tèlman byen fè bagay la, ou ta panse se yon jounalis radyo kap anonse demisyon Jovenel vre. Se grav.

Jodi a gen Ayisyen kap itilize Whatsapp, anpil ladan yo se granmoun ki nan laj 40 al 65 an. Tranch laj moun sa yo vilnerab anpil. Anpil nan moun sa yo pat sou okenn rezo sosyal avan. Se Whatsapp ki fè yo konn sa ki rele rezo sosyal. Gen ladan yo ki te sèmante yo pa tap janm antre nan bagay Facebook, ni yo pat enterese nan zafè Entenèt ditou. Jodi a se yo ki pi dechennen sou Whatsapp, tout lasent jounen yap voye yon bann fo nouvèl bay moun, yap voye tout kalte foto ak videyo yo jwenn. Gen plizyè rezon ki esplike kòman moun sa yo antre nan Whatsapp fasil konsa: yo pa bezwen kreye yon kont pèsonèl tankou Facebook, tout sa yo sèlman bezwen se yon nimewo telefòn epi telechaje app la. Moun sa yo rann yo kont Whatsapp pèmèt yo kominike ak fanmi ak zanmi toupatou, se sou Whatsaap yon enfòme pou yo konnen tout sa kap pase. Anpil granmoun sa yo sou WhatsApp e yap konsome anpil fo nouvèl moun ap voye ba yo.

 Moman an grav. Li lè pou medya serye monte sou Whasapp pou bay bonjan nouvèl. Gen plizyè medya etranje m konnen ki fè sa. Li tap bon pou medya Ayisyen yo ta kòmanse fè sa tou. Yap sèlman kreye yon kont Whatsapp epi envite moun suiv yo pou yo ka byen enfòme. Oubyen yap antre nan gwoup Whatsapp ki popilè pou yo simaye bonjan nouvèl. 

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

One thought on “Gwo danje Fo Nouvèl sou Whatsapp”

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: