Yon savan Chinwa deklare li fè yon operasyon jenetik espesyal sou de ti marasa avan yo te fèt. Syantifik sa a di li wete yon pati nan ADN timoun yo avan menm yo devlope nan vant manman yo. Bagay sa a bay kominote syantifik mondyal la gwo kè sote paske yo prevwa yon aksyon konsa ka gen konsekans terib sou avni limanite.
Hé Jiankui, yon syantifik Chinwa, anonse lendi 26 novanm li te chanje ADN de ti marasa avan yo te fèt pou anpeche timoun yo pran viris sida. Nan yon videyo syantifik la pibliye sou Entènèt, li esplike li te fè travay sa a pou ede 2 moun, Mak ak Gras, ki te gen difikilte pou fè pitit ansanm paske Mak gen viris sida a nan san l. Madan Mak, ki te vle gen timoun, tal fè yon operasyon ki rele FIV (Fegondasyon invitwo) kote doktè yo te pran ovil manzè epi sèvi ak yon sereng espesyal pou foure jèm yon gason (spèm) ladan l anba mikwoskòp nan laboratwa. Men se pa jèm yo lòt moun yo te mete nan ovil Gras, se te jèm mari l. Savan Chinwa a, ansanm ak ekip li, di yo lè yo mete jèm Mak nan pa Gras, yo pat mete l konsa konsa. Yo te mete spèm misye ak yon pwoteyin ki te gen enfòmasyon anndan l pou pèmèt li fè yon operasyon jenetik nan ADN ti bebe yo. Objektif operasyon sa a te koupe nan ADN timoun yo epi wete pati ki ta pèmèt viris sida antre epi enfekte selil ti bebe ki tapral fèt yo. Lè yo fè travay sa a, savan yo te tou chanje ADN timoun yo.
Teknik yo te itilize pou fè operasyon sa a rele CRISPR. Li pèmèt yo koupe nan enfòmasyon jenetik yon moun menm jan w ta ka koupe yon tèks wap edite sou Wòd. Ou ka koupe, kopye-kole, modifye, chanje ADN yon moun jan w vle avan l fèt.
Apre yo te fin fè tout travay sa a nan laboratwa, lè yon fin konstate operasyon jenetik la te byen mache epi anbriyon an te kòmanse fòme anba mikoskòp (spèm nan fegonde ovil la), ekip syantifik Chinwa a te met anbriyon an anndan Gras ki te vin ansent. Nèf mwa apre, manzè fè de ti marasa ki rele Loulou ak Nana. Syantifik Chinwa a di yo pat wete okenn lòt pati nan ADN timoun yo eksepte sa ki tap pèmèt yo pran viris sida. Savan Chinwa a deklare “Timoun yo ansante, lavi yo pa andanje, yo nòmal tankou nenpòt ki lòt ti bebe”. Hé Jiankui di de timoun sa yo, ki fèt nan mwa novann ki sot pase a, met lajwa nan kè Mak ki pat janm panse l tap ka papa pitit poutèt li gen sida.
Entansyon Chinwa a an sanble bon men anpil moun pè pou yo ta ilitize yon operasyon jenetik konsa pou fè bagay ki terib. Menm Hé Jiankui rekonèt travay li a ka bay anpil tèt chaje. Li rekonèt gen kèk paran ki ka pwofite yon gwo teknik konsa pou chwazi ki koulè je oubyen cheve, ki nivo entelijans ak lòt karakteristik yo ta swete pitit yo genyen anpatan. Misye kondane yon pratik konsa. “Teknik CRISPR la dwe sèlman sèvi pou geri moun”, syantifik la deklare. Li ajoute fòk yo ta bay moun tankou Mak chans pou yo ta pwofite modifikasyon jenetik pou yo gen timoun ki fèt ansante. Li di tou yon teknik konsa tap ka geri depi anlè yon seri timoun ki fèt ak maladi konjenital. Chèchè chinwa a anonse gen 6 lòt koup moun ki sewopozitif (ki gen viris sida a nan san yo) ki pare pou fè menm bagay la. Misye di li kreye yon egzanp epi lap kite lasosyete chwazi sa pou yo fè ak eksperyans li a.
Kominote syantifik la sezi
Kominote syantifik la mete de men nan tèt devan yon aksyon konsa. Modifikasyon oubyen manipilasyon jenetik te toujou yon gwo tabou nan mitan anpil syantifik. Yo pè pou aksyon Chinwa a pa tounen yon pòt ki louvri sou tout kalte deblozay. «Si sa ta fèt vre, se yon bagay pou moun ta pè », Gaétan Burgio, yon syantifik nan Inivèsite Nasyonal Ostrali deklare. Inivèsite kote savan Chinwa a ap travay la (SUSTech) deklare eksperyans sa a « choke yo anpil ». Yo di yo pral mande syantifik la esplikasyon sou demach li fè pou operasyon sa a. Inivèsite a di se pa sou kanmpis li bagay sa a te fèt paske teknik syantifik la te itilize a se yon « gwo vyolasyon etik akademik ak prensip lekòl la ». Inivèsite Chinwa a rapousiv pou l di : Tout rechèch ki fèt lakay li dwe respekte prensip etik entènasyonal yo. Yo di yo pral ouvri yon ankèt prese prese pou fè limyè blayi sou koze sa a.
Anplis, gen plis pase 100 gwo syantifik chinwa ki pibliye yon lèt sou “Weibo”, yon sitwèb ki popile anpil an Chin. Yo di esperyans sa a se yon travay “moun fou”. Yo ajoute : « Menm si yon bagay konsa ta syantifikman posib, chèchè ak ekspè yo chwazi pa itilize l sou moun paske li twò riske, yo pa konn kot sa ka mennen yo epi poutèt pwoblèm etik sa ka pote ». Syantifik Chinwa yo di se yon bwat kalamite ki louvri la a, se pou yo prese fèmen l avan l twò ta.
Gen moun ki gentan imajine yo ta ka itilize yon teknik konsa pou kreye yon lòt klas moun ki pa ka malad oubyen ki pa ka mouri. « Ras moun sa yo tap tounen bondye sou latè epi yo tap konsidere rès limanite tankou yon bann moun enferyè», yon moun kòmante sou rezo sosyal yo.
Jonel Juste