Mwen jwenn yon sitwayen ki ban m yon opinyon onèt sou Fidèl Kastwo. Nèg sa a te chape anba rejim bout di diktati Papa Dòk la. Li te vin Mayami nan ane 60 yo. Misye te menm oblije chanje non pou Divalye pat al pèsekite fanmi li te kite Ayiti.
Lè m mande misye kisa l panse de Kastwo ak rejim li an, misye reponn: “Monchè, Kastwo se yon nèg mwen admire, men se pa yon bagay m ka di an piblik. Antanke yon moun ki te sove anba makout, yon nèg yo te rele kamoken, yon nèg Divalye te manke fizye, m pa ka di piblikman m admire yon diktatè”.
Misye kontinye: “Plis admirasyon moun gen pou Kastwo se poutèt li te reziste Ameriken pandan tout vi l, men se pa pou sa misye fè pèp Kiben an. Zafè kominis lan se an teyori li bèl, se nan liv li sanble yon bèl istwa pou fè timoun dòmi, men nan lapratik se diferan. Metòd yo aplike pou mete rejim kominis lan nan chita (pèsekisyon opozan politik, prizon, baton, baboukèt nan bouch laprès, krim politik, matirize moun, touye moun elatriye), se pa bèl bagay ditou”.
Misye fini: “Li fasil pou yon moun chita byen lwen pou ap voye monte di kijan Kastwo te bon lè oumenm ou pat viktim, lè w pap vin anba rejim bout di ak represyon Kastwo a”.