28 Oktòb se Jounen Entènasyonal lang ak kilti Kreyòl. Se yon jounen rejwisans ak refleksyon pou plis pase 12 milyon Ayisyen ann Ayiti ak nan Dyaspora a, mete sou kolonn etranje ki fin maton nan lang nou an. Rejwisans poutèt rekonesans lang Kreyòl la ap genyen chak jou, refleksyon sou lang nan tankou yon zouti devlopman, yon lang ki dwe sèvi pou fè edikasyon pèp la, epi yon lang modèn ki dwe monte tren teknoloji a angranjan.
Kreyòl la batay anpil pou l rive kote l ye a. Gen yon epòk moun te wont pale kreyòl sitou si w te pase nan lekòl franse kote yo te konn menm pini w lè w pale lang manman w ak papa w. Yo te di Kreyòl se lang moun sòt. Jodia nou we Kreyòl la ap vale teren, lap ouvri kò l, sitou sou rezo soyal yo kote bouch Ayisyen lage pou yo di tout kalte bèl pawòl nan lang yo pi konn pale a.
Nou kapab di sa fò, rezo sosyal yo tankou Facebook, Twitter, Instagram elatriye bay Kreyòl la yon gwo jarèt. Yo dekonplekse yon dividal moun ki te kwè pale Kreyòl se bagay moun ki pa tal lekòl, yo wè se pa vre. Sa ede tout anpil timoun Ayisyen kap viv nan Dyaspora a dekouvri lang ak kilti Ayiti, peyi paran yo; menm gen ladan yo ki al lekòl Etazini pou yo aprann pale Kreyòl. Gen yon epòk yo te meprize lang Kreyòl la nan Dyaspora a, kounye a van an vire. Genyen ti Ayisyen Ameriken ki di w se paske yo pale Kreyòl ak Angle ki fè yo jwenn travay Etazini.
Teknoloji tankou Entènèt ak rezo sosyal yo ede Kreyòl la anpil. Yo ede l gaye toupatou sou latè, yo ede moun lòt nasyonalite dekouvri l, yo ede wete vye konplèks nan tèt Ayisyen sou lang nan, yo ede ti Ayisyen ki grandi andeyò Ayiti dekouvri idantite yo. Rezo sosyal yo se yon gwo lekòl. Tout moun se pwofesè, tout moun se elèv.
Kreyòl la ap adapte l ak teknoloji a chak jou men fòk li ale pi lwen. Fòk gwo jeyan Entènèt yo tankou Facebook pa meprize lang plis pase 12 milyon Ayisyen pale a. Fòk Facebook pale Kreyòl menm jan Google deja fè sa, menn jan Wikipedya ap eseye fè sa. Fòk Twitter, Snapchat pale Kreyòl. Se pa figi nou yap achte. Yo fè sa pou lange ki gen mwens moun ki pale yo pase Kreyòl. Paregzanp, yo tradui Facebook nan yon lang ki rele « Welsh », yon lang 700 000 moun sèlman pale. Donk pouki pa nou? M sispèk se noumenm ki pou mete presyon sou gwo zotobre yo pou fè konnen nou la epi nou konte. Lòt bagay, se pou Microsoft bay posiblite pou moun korije tèks an Kreyòl sou Word. Sa enpòtan anpil. Nou pa menm bezwen pale de yon bann aplikasyon itil ki ta merite tradui an Kreyòl.
Kreyòl la ap vanse. Apre revolisyon web 2.0 ki pemèt Entènèt la vin entèraktif, nou antre nan faz Entènèt 3.0 ki se Entènèt semantik. Anndan vant 3e revolisyon Entènèt la genyen sa yo rele IoT (Internet of Things). An bon Kreyòl nou ta di “Entènèt Bagay”. Sa vle di Entènèt pral antre anndan yon bann bagay li pat abitye ladan yo. Li pap sèlman rete sou odinatè, laptòp ak telefòn entèlijan, men lap antre nan lòt bagay tankou mont, televizyon, frijidè, fou, vantilatè, rad, tenis, brèf plizyè bagay nou abitye sèvi pral konekte ak Entènèt. Yo rele yo “bagay konekte”.
Yon lòt pati nan web 3.0 a se kapasite pou fè “kòmann vokal”. Ou te konn “telekòmann” (rimot), enben se menm prensip la sof ke ou pral fè sa ak vwa w. Sa vle di wap ka pale ak televizyon w oubyen limyè nan chanm ou pou mande yo limen oubyen etenn. Poukisa? Paske bagay sa yo konekte ak Entènèt (wifi) ki anndan kay ou a. Nou deja gen modèl sa a ak Amazon Echo (Alexa). Yo rele konsèp sa a “smarthome” (kay entelijan). Ou ka pale ak aparèy lakay epi yo obeyi w (se prèske maji, men se teknoloji). Sèl pwoblem ki genyen nan zafè sa a: tout bagay sa yo se ann angle yo ye. E moun ki pale Kreyòl yo, yo pa ladan l? Donk fòk nou kòmanse bay Amazon, Google, Microsoft, Apple (Siri) presyon depi kounye a pou yo foure lang nou an nan festival teknoloji a web 3.0 a tou. Lòt nasyon yo pral fè l paske yo pa oblije pale angle pou gen aksè ak teknoloji, pouki pa nou?
Bòn Fèt Kreyòl!
Tèks Jonel Juste
*Si nou ta rivé jwenn opòtinité pou lang nou an antre nan Web 3. 0 a se tap deja yon pa pou nou Ayisyen vè lavan*
Mwen kontan wè janm ap ekri sou sit sa li pa make okenn nan mo yo pou fot se deja bon.
LikeLike