Sa nou rele « Le Syndrome Farah », oubyen Foli Farah, se ka yon seri de moun, fanm kou gason, ki te fon nan lemonn epi ki vin konvèti. Anpil fwa olye moun sa yo al nan yon bon legliz pou yo aprann, yo pito ap mache “preche”, “bay temwayaj”, tounen evanjelis enpwovize sou Facebook. Gen ladan yo ki vin chite epi ki fè pimal pase avan yo te konvèti. Se sa ki te rive yon ti dam ki rele Farah kap viv Nouyòk. Farah se yon ka sosyolojik ki enteresan. Annou li yon pòs mwen te pataje sou Facebook sou ka manzè a.
“Nap suiv yon ka depi kèk jou la a sou Facebook. Se yon ka delika. Gen yon ti dam ki te konn ap “preche” Levanjil toutan sou Facebook. Mwen mete mo preche a antregimè paske se plis jije manzè tap jije moun alevwa joure yo sou pretèks lap ba yo Lapawòl pou yo ka chanje. Bondye pa voye pèsonn al derespekte moun. Nou tout se pechadò, youn pa ta sipoze ap jije ni joure lòt poutèt peche paske nou tout gen grenn zanno kay òfèv. Donk ti dam sa a, ki rele Farah, tap “preche” kont moun ki mete bijou, ki makiye, ki met fo cheve, ki koupe cheve, ki fè sousi, ki raze, ki nan metye, ki nan fònikasyon, adiltè, djesèlmevwa ladouskivyen kenèp, moun kap danse toutouni nan klèb, pwostitiye, elatriye. Farah te toujou parèt sou Facebook toudeblan, tèt mare ak mouchwa blan, wòb anba pye, epi yon gwo Bib kreyòl nan men l, lap mete nan bòl pechadò ak tout moun ki nan tout kalte voksal ak bagay sal. Farah abite Nouyòk.
M te fè plizyè mwa m pat al sou paj Farah. Men avanyè pandan map fè yon rechèch sou Facebook, m tonbe sou manzè kap di gwo betiz lou. M sezi, m mande m eske se Farah, sè Levanjil la, kap pale konsa a. Lè mal gade sou paj manzè, sa m wè m pa ka pale. Farah tounen yon Kim Kardashian, yon aktris pòno kap bay wè frendeng. Paj manzè plen ak foto kote manzè ap poze toutouni, ak kilòt tanga, lap bay tout kalte pòz pònografik. M tèlman sezi m pantan.
M di genlè se djab la ki bezwen fèmen bouch sèvant lan epi ki fè yon bann vye montaj ak foto l yo. M ekri Farah m mande l eske se limenm kap fè foto yo. Manzè di wi. M di poukisa. Manzè reponn se konsa l preche Levanjil kounye a pou jenn gason kapab tande pawòl la. Mezanmi se pa blag map ban nou. M pa tap pèmèt mwen. Bagay la tris.
Gen moun ki di Farah sispann blasfeme non Bondye, manzè di moun yo gwo betiz sa l. Istwa a komik men l tris alafwa. Ti fanm nan bezwen bonjan lapriyè. Antanke sosyològ Facebook, map eseye konprann sitiyasyon manzè. Nan yon konvèsasyon mwen gen avè l sou Messenger, li di li te konn ap mennen tout kalte vye lavi avan l te konvèti, li te menm rive nan kouche ak fanm parèy li. Lè l vin konvèti, li fè yon viraj 180 degre, li te vle fè egzakteman lekontrè aksyon l te konn fè avan yo. Manzè te gen yon flanm Levanjil sou li vre men rive yon lè li tonbe fè eksè. Olye li gen konpasyon pou moun ki tap fè menm peche li te konn fè yo, li tonbe ap joure yo. Li vin pa gen okenn ekilib.
M pa konn kilè Farah te kòmanse ap poste foto toutouni epi di betiz sou Facebook nan non Levanjil. M pa konn sa k pase l egazkteman. Men m sispèk sa gen rapò ak travay li. Lè mande manzè ki travay lap fè Nouyòk, li di lap travay nan yon klèb kòm sekirite. Li di klèb la gen yon bann pechadò ladan l, moun kap fè tout bagay manzè ap preche kont yo a (strip club). Nan Amerika, ou pa chwazi kote pou travay, ou pa chwazi moun pou travay ak yo, ou bezwen lajan. M sispèk bagay sa a vire lòlòj Farah. Sa fè tèt li pati. Petèt li vin panse pi bon jan pou preche moun sa yo Levanjil se fè menm jan ak yo. Oubyen tou li gendwa tonbe anba jijman paske li tap meprize, joure pechadò yo olye li gen konpasyon pou yo. Menm bagay sa a rive tou yon seri de moun ki soti Ayiti ak yon “Levanjil djanm” sou yo, yo vin koresponn ak pechadò bò isit yo. Men lè yo vini, olye se yo ki chanje pechadò yo, se lekontrè ki rive. M rele fenomèn sa a, “Le Syndrome Farah”.
PS: Grasadye jodi a Farah retounen nan bon sans li. Li pa poste foto toutouni sou Facebook ankò, li sispann di betiz. Li toujou ap “preche” moun, men kounye a li pi ekilibre.
Jonel Juste
(Tèks sa a te ekri an 2016, nou revize l an 2019)