Pandan eleksyon kap fèt Etazini yo la a, nou wè anpil kretyen Ameriken ki fin mande awoyo, ki di fòk yo fè yon jan pou sove peyi a kap fin depafini, fòk yo vote yon prezidan ki pral goumen kont imoralite, fòk yo fè Bondye reprann plas li nan sosyete a elatriye.
Yo di si yo pa fè yon jan, jijman Bondye pral tonbe sou Etazini menm jan sa te fèt pou Izrayèl nan tan lontan (nan tèt anpil kretyen Ameriken, Etazini se yon nouvo Izrayèl. Yo kwè menm chatiman Izrayèl te sibi nan Bib la ka tonbe sou tèt yo si yo dezobeyi lwa Bondye, oubyen yap beni si yo obeyi. M pa jwenn okenn vèsè nan Bib la ki di Bondye te pase okenn kontra ak pèp Ameriken. M konn yon relijyon ki rakonte yon manti konsa, li rele Mòmon, se pa relijyon kretyen an ki di sa).
Men apa sa, gen yon kesyon map poze tèt mwen sou zafè kretyen kap priye oubyen batay pou “Bondye retounen nan sosyete a”. Toudabò, m pa kwè Bondye andeyò sosyete a vre. Depi gen kretyen nan yon peyi, prezans Bondye la. Dezyèmman, si Jezi Kris deklare li di anvan li retounen sou latè, pral gen gwo boulvès, lemonn pral tèt anba, kisa sa pral sèvi pou noumenm kretyen ap eseye “ranje” bagay yo anvan Kris tounen?
M pa di yon kretyen dwe rete pasif non, li dwe ede pwochen l, priye, anonse Levanjil, fè tout byen li kapab, toutan li kapab, men èske li fè sans pou nap eseye rete tren lemonn ki fin deraye? Tren sa a pap kanpe, nou pa bezwen priye Bondye pou kanpe l, li lap fè l. Nou pa la pou nou kanpe tren imoralite, peche, mechanste ak tout kalte bagay sal, nou sèlman dwe di tout moun tren lemonn pral kraze, kouri kite l avan l twò ta. Soti nan fènwa, vini nan limyè. Se Levanjil la sa.
Antanke Kretyen, nou gen dwa patisipe nan zafè lemonn (paske nou nan lemonn tou) men fòk nou konn limit nou. M tande kretyen isit kap pale pou etabli yon gouvènman kretyen Etazini pou retabli moralite, pou fè Bondye tounen nan lekòl ak tout rès sosyete a anvan Jezi retounen. Anverite sa tap yon bèl bagay, se yon bèl rèv, yon “utopie” tankou franse a ta di, men eske se misyon legliz? Eske se pa djòb Jezi Kris limenm lè l retounen vin etabli Wayòm nan?
M ta renmen wè yon monn ki totalman kretyen vre men m konnen sa pap posib ak prezans peche, tantasyon, prezans Satan. Bib la di Bondye limenm gen pou l mare Satan yon jou epi lage l nan Labim pou l sispann tante moun. Bib la di Jezi Kris gen pou l vin etabli Wayòm li yon jou. Djòb nou se anonse Wayòm Kris la, fè kanpay pou Kris, rasanble patizan pou li. M pa kwè djòb nou se fè sa Kris pral fè lè l tounen.
Lemonn nan fènwa. Vle pa vle, fènwa a ap vin pi pwès chak jou. Nou pa ka anpeche sa. Se pa yon gouvènman kèlkonk kap chanje sa. Nou pa ka anpeche fènwa imoralite ak mechanste blayi men nou ka klere nan fènwa a paske Jezi di nou se limyè. Ann kite limyè a klere, na fè pibyen.
Se pa wòl nou pou nap priye Bondye pou bay yon prezidan pou anpeche lemonn rive nan bout li, pou anpeche pwofesi yo akonpli. Okenn prezidan pa ka fè l. Nenpòt prezidan kap vini an, lap kontribye pou fè pwofesi yo akonpli. Nou pa bezwen ap priye pou mande lapè, ni goumen pou bagay yo vin pi bon. Jezi pou kont pa l di li pa vin mete lapè, li di li vin limen yon dife sou latè e li menm fè konnen dife sa a te deja limen avan li te vini. Vle pa vle, monn sa a ap disparèt pou yon lòt monn ka vini. Pa eseye sove monn sa a, li twò ta. Ann eseye sove moun ki vle. That’s it.