AYITI NAN MONDYAL, AYISYEN PRAN REVE

Nan nuit 18 novanm 2025, Ayiti kalifye pou Mondyal FIFA 2026 la. Nan jou ki swiv kalifikasyon istorik sa a, anpil Ayisyen tonbe reve. Genyen ki reve yon lòt Ayiti posib, genyen lòt ki reve Ayiti ka rive lwen nan Mondyal la. Li ka chanpyon. Rèv yo anpil.

Continue reading “AYITI NAN MONDYAL, AYISYEN PRAN REVE”

Pou Schultz Laurent Jr

Madi 28 oktòb, asasen san fwa ni lwa, kriminèl san manman wete lavi, etenn limyè nan je jounalis kiltirèl, ekriven, powèt, pwofesè literati, papa twa pitit Schultz Laurent Jr pandan li te sou wout pou l al travay nan vil Filadèlfi, Etazini. Konfrè li, powèt ak jounalis kiltirèl Jonel Juste, nouvèl sa a te akable, sonje dènye konvèsasyon li te genyen ak Schultz…

Continue reading “Pou Schultz Laurent Jr”

« Drapo m nan – Bélo » : Yon chante pou repanse lavi ann Ayiti

Mizik la byen rantre nan san nou. Li fè lavi nou koule bèl lè n ap tande l. Se transpòtasyon yon emosyon grandyoz, yon seri pawòl tounèf ki plen lavi. Se te nan lane 2017 plizyè chantè te rasanble sou direksyon atis Bélo pou yo pote chedèv sa a ki fè rapèl sou plas drapo ayisyen an nan tout listwa limanite.

Continue reading “« Drapo m nan – Bélo » : Yon chante pou repanse lavi ann Ayiti”

Little Haiti Book Festival 2025: Yon bèl jounen echanj kiltirèl

Jonathan Thermidor

Festival sila a se yon pòtvwa, yon bèl lide, yon moman kè kontan kote tout koulè twal, tout koulè moun, tout bèl jès ak tandrès te rasanble pou valorize kilti ayisyen an nan divès kalte dimansyon.

Continue reading “Little Haiti Book Festival 2025: Yon bèl jounen echanj kiltirèl”