
Ekriven Ayisyen Lochard Noël fe vwèl pou peyi san chapo mèkredi 17 dawou nan Lauderhill, Florida. Li kite dèyè madanm li ak 3 pitit gason. Plizyè moun te rann powèt la omaj byen merite kit se isit Etazini, Kanada oubyen Ayiti. Nan konsè vwa sa yo, vin ajoute pa ekriven Jan Mapou ki te pale de lavi ak travay zanmi l Lochard Noël, yon pwofesè ak yon gwo fanatik lang Kreyòl ki kite yon gran vid nan kominote Ayisyen nan Mayami. N ap pibliye moso nan yon tèks omaj Mapou te li nan emisyon Radyo Lekòl sou WLRN 91.3 FM.
Lanmò ekriven-powèt Lochard Noel frape nou jouk nan mwèl. Se men nan bouch. Dlo nan je. Lochard s on ekriven-powèt k ap viv ak nou nan kominote a depi 1982. Li patisipe nan plizyè aktivite nan radyo avèk Eustache Fleurant, ak Pierre Mendès Alcindor sou kilti ayisyen, an patikilye Literati. E se grasa Lochard Noel Koukouy Miyami te rive gen opòtinite lanse premye emisyon radyo sou literati kreyòl la nan Miyami. Nan ti pòsyon tan pa li a, li te tranche li an 2; kote li te ban nou 15 minit pou literati kreyòl la epi, limenm, ak yon vwa tenò byen atikile, li te konn di pwezi an Fransè. Li te espikè tou nan Express Publicite sou direksyon defen Carmelot Monestime.
An Ayiti, Lochard te pwofesè nan Omega kolèj. Li etidye epi gradwe nan Jounalism ak kominikasyon nan Université d’Etat D’ Haiti. Lochard rantre Ozetazini an 1982. Li kontinye etid li; e se nan kòmansman ane 2022 a, li dekwoche yon Master’s Degree ak yon PHD nan Literati Konpare nan Florida Atlantic University. Lochard ekri 16 liv an Fransè tankou an Kreyòl. Yon CD li rele “Nous les Déracinés” Pwofesè-istwaryen Jean-Claude Exulien, yon aktè ak yon diksyon ektrawòdinè entèprete powèm sila a ki gen anpil siksè. Powèt-ekriven Lochard ekri pou granmoun tankou pou timoun. Li gen 4 liv pou timoun (Nwèl nan peyi solèy, (1996) Tik Tak (1995), Oli Ole(1998), Zeklè ak Zetwal (1999) ki jounen jodi a Lekòl Leta Miami-Dade nan Florid kote li t ap anseye, ap itilize nan klas ak etidyan ayisyen yo.
Lochard s on Koukouy depi Ayiti. Jenn gason, apèn 12 lane, li te konn vin vizite nou ak lòt ti zanmi li yo nan Emisyon Solèy nan Radyo Karayib (Ruelle Chavannes) kote Koukouy yo sou labanyè Mouvman Kreyòl Ayisyen, te gen premye emisyon literè sou lang ak kilti kreyòl ayisyen an. Lochard s on kanmarad devwe, sensè, senpatik. Li pa pe pase yon senmenn san li pa voye yon ti mo, yon ti mesaj pou li mande w kijan ou ye? Pasyone literati, li toujou ap ekri. Li toujou ap fè rechèch. Li tounen yon fouyapòt literè ki toujou separe ak nou rezilta twouvay li yo.
Chak liv Lochard yo pote yon mesaj pou ede nou kenbe djanm ak lavi a, epi trase chemen pou liberasyon pèp nou an. Liv sa yo chita sou pwezi, teyat, pwezi pou timoun ak istwa kout. Kòm dramatij, li ekri yon pyèsteyat : “Le pouvoir du Savoir”. Kòm aktè, li jwe wòl yon Kandida ala Prezidans nan Anba Lakay (Jan Mapou); yon pyèsteyat Sosyete Koukouy Miyami te prezante nan Joseph Caleb Center nan ane 1988. Kòm aktè, ansyen elèv SNAD, ekriven-powèt Lochard Noel, metrize lang “Yòyòl” nou an nan pale tankou nan lekriti. Lochard fenk dekwoche yon doktora nan Literati Konpare nan inivèsite F.A.U (Florida Atlantic University). Youn nan liv li yo soti nan ane 2021 nan Edisyon Entènasyonal Fransè l Harmatan ak tit “Du Loup-Garou Français au Zombi Haitien”. Avan dènye liv ekriven-powèt la pibliye, soti nan mwa jiye 2022; li rele l: “Un Regard sur le Monde – Essais littéraires”. Lochard gen maniskri liv ki poko pibliye. Daprè temwayaj yon editè, li ensiste aske dènye liv li ekri a pibliye anvan li ale. Se te vrèman yon pasyon. Li te vle kite yon mesaj solid pou nou, pou kominote a, pou pèp ayisyen an, pou nouvo jenerasyon an.
Lochard di nou, “Literati jwe yon wòl enpòtan nan devlopman limanite”. Li di nou tou: “De l’ Antiquité jusqu’aux temps modernes, les artistes de toutes catégories, de tous genres, de tous les pays, ont toujours peint le monde, dénoncé les dirigeants, l exploitation de l’homme par l’homme, les trafics illégaux des immigrants et chanté la toute puissance de l’Amour.”
Nan tout zèv Lochard yo, li mete lang pèp la sou menm nivo dekselans ak lang fransè a. Lè li ekri Kreyòl se chante li fè li chante. Li vire li. Li woule li. Li sikre li. Li kadanse li. Pou lakadans lan menmmenm, chak powèm sanba a, se yon tranch mèvèy mizikal. Yon pwezi sikdòj. Yon sapoti fonn nan bouch. Nan “Mannouba”, pwezi li pibliye nan edisyon Mapou, koleksyon koukouy, 1994, ak yon prezantasyon Jozafa Large, “nou dekouvri yon grap ti fraz pwetik tou kout, rapid, file kon zenglen sou yon kadans mizik siwolin k ap koule kon estalaktit lawouze nan mize refleksyon sanba a”…
Lochard, itilize toulede lang yo pou siyen militans li nan lit liberasyon pèp la; Se pa jodi a non ekriven-atis yo ap goumen. Plim yon ekriven se zam li. Nan lane 2005 nan yon prezantasyon nan Tap-Tap Restaurant, Miami Beach, Lochard di nou kouman atis ayisyen yo tankou Manno ak Marco te pran yon pakèt responsablite sou rejim sanginè Divalye yo. Powèt la te di: “Lè nou gade sa k ap pase nan peyi a jounen jodi a si ou genyen kè, si ou renmen peyi sa a tout bon vre, ou pa ka dijere sa w ap wè la yo epi li fini pou li di : Eske se pou sa atis yo, t ap goumen… Kè m ap rache li di asistans lan. Se pa pwezi sèlman ki pou chanje peyi sa a, gen “Lòt Bagay” tou ki nesesè nan moman kritik sa yo…” Se menm Mesaj sa a nou jwenn nan powèm Lochard yo kit se te an Fransè, kit se te an Kreyòl. Ayayay! Mouvman Kreyòl la pèdi yon militan solid ki t ap goumen pou yon demen miyò pou kilti nou ak peyi nou!
Se yon latristès wi pou gen yon zanmi, yon frè, yon sè, yon manman, yon papa ki la a ak ou jodi a epi li kite w san di orevwa. Lochard daprè sa madanm li di te santi jou li konte. Se li ki okipe tout zafè l. Li pase nan St Fort Funeral Home, li prepare dokiman dènye jou l. Li mande pou kadav la PA ekspoze, li mande pou yo antere li SAN seremoni malgre yon Monseyè Legliz Espikopal nan kominote a te gentan ba li Sakreman Malad yo.
Tankou Feliks Moriso Lewa, Lochard te mande pou li ale menmjan li te vini. (Soti nan lenkoni – Retounen nan lenkoni) ak sèl diferans Moriso nan dènye moman li yo, lè tout bon vre, li wè Jral Lanmò kanpe devan l, li te mande pè defen Gérard Darbouze priye pou li epi apre lanmò li, antèman Moriso te chante pou Legliz Notre-Dame d Haiti, yon mès dyak sou dyak ak Achevèk Thomas Wensky, yon mès an kreyòl ki te dire plis pase 2è dtan.
Misyon Doktè Lochard Noel fini, Li te manke 11 jou pou li te selebre 66èm anivèsè li. Majorite atis, zanmi danfans, ekriven powèt, dansè, blagè, etidyan, pwofesè… Nou tout te sanble nan 19èm Avni nan vil North Miami Beach pou selebre lavi powèt la. Se ekip atis sa yo li te vle pou antoure l, pou pale ak li, pou chante pou li, pou ansanse 16 liv li pibliye yo. Se moun sa yo li te renmen; se ak yo li t ap travay pou pote yon soulajman pou pèp ayisyen an ak pawòl li. Ak ekriti li.
Kidonk, pou respekte volonte powèt la, madanm li Lili (Elizabeth Carrenard Noel) ak 3 pitit gason li yo, atis òganizasyon literè Sosyete Koukouy, (Jan Mapou, Kiki Wainwright, Marleine Bastien, Jeanette Gregoire, Mireille Manuel, Herold Pierre, Rose Bleus, Edeline Clermont), elèv li yo, twoup dans NSL, Ernst Registre, Aubry Blag, Komedyen-Enpresyonis-Jesler Mezidor (ki te MS sware a), temwayaj Seraphin Bernard, Jeyològ Joscelin David, Pantaléon Guilbeau ak tandòt ankò nan yon seri temwayaj ki te fè dlo koule nan zye nou. Plis pase 300 moun te la, pou di “Wongòl Lochard” yon dènye orevwa. Yon melanj nouvo ak ansyen jenerasyon, ki te vin peye respè yo, salwe lafanmiy, onore gason senpatik sila a ki kite yon bèl eritaj literè pou yo.
Jou dimanch (28 dawou) sa a, ki tonbe do pou do ak anivèsè Lochard Noel, se te yon bèl fèt pou selebre powèt la ak lavi li. Te gen yon bèl resital pwezi an Fransè tankou an an Kreyòl pou montre militans ekriven an. Nou prete vwa li pou rele anmwe sou sitiyasyon k ap dewoule nan peyi a jounen jodi a; san pèp la k ap koule pou ryen: vòl, vyòl, ansasinay, krim, kidnaping… k ap brase nan mizè ak soufrans yon peyi tou wouj ak san inosan…
Doktè Lochard Noel kite nou ak yon nòt espwa: “ …Yon jou n ava miyò, yon jou n ava reprann endepandans nou, yon jou n ava viv tankou moun sou ti bout tè sa a zansèt nou yo te kite pou nou.” Ayabonmbe!
Jean Mapou