Lazil Sou Kè m

Tèks sa te pibliye nan jounal Le National ak sou sit Xaragua

Tranblemanntè 14 Out la fè anpil viktim ak dega nan sid peyi Dayiti. Dapre dènye rapò otorite yo, plis pase 2000 moun mouri, 12 000 lòt blese, san konte betay ki pèdi nan katastwòf la. Yon nan zòn ki pran gwo frap se komin Lazil nan depatman Nip. Pifò kay nan zòn nan kraze, plizyè moun mouri. Sitiyasyon sa a te mete gwo lapenn nan kè moun Lazil, patikilyèman powèt Jonel Juste ki rakonte tristès li nan yon tèks ki titre “Lazil sou kè m”.

Lazil sou kè m

Kè m lou

Kè m chaje

Yon samdi maten

Telefòn mwen sonnen

Se move nouvèl ki vin jwenn mwen

Yo di m latè souke kò l

Li fè yon bri ki souke kè

Goudou

Goudou

Goudou

M tande latè tranble

 Kè m sot tonbe

Tankou bout beton kay dal beton

Kè m lou

Yo di m Lazil kraze

Pa gen Lazil ankò

M pa gen peyi ankò

Tout kote se lanmò

Se lakansyèl sou tèt Mòn Oko ki kase de bout

Se Gwo Basen ak rivyè Depen k ap kriye

Se larivyè Dòz ki dlo nan je

Se ti zwazo k ap chante dèy

Pou Tant Desya ki dòmi san leve

Dezolasyon toupatou

Depi Kapòl pase Chanje, Moriso, Bèlvi, Abriko, Fekan, Fleran, rive Kafounore se rèl

Latè souke kò l

Tout memwa m plen gravye ak pousyè

Nan dòmi m te ye

Yon tranblemanntè reveye m

Mwen santi l nan kè m

Li reponn mwen nan biskèt

Kèt!

Tranblemanntè

Tranblemannkè

Tranblemannkò

Tranbleman ki reveye vye souvni

Souvni syèl ki desann twò ba

Ki sot tonbe sou tèt nou

Moso syèl ki kraze miyèt moso ak zetwal ki file

Souvni kadav

Zosman

Santò

Lari simityè

Mouchavè

Sèkèy anba dekonm

Mò ki mouri de fwa

Sa gen onzan konsa

M tande goudougoudou retounen

L al geri bosko l nannsid

Li pase li kase kay de bout

Woule wòch sou tèt mòn

Fann vant latè

Antere kretyen vivan tou vivan

Lazil sou kè m

Ayiti sou kè m

Kè m lou

Kè m chaje

Jonel Juste

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: