
Plis pase 2000 moun mouri, plis pase 12 000 lòt blese selon dènye bilan otorite Ayisyen yo bay yon semèn apre yon gwo tranblemanntè te frape zòn sid peyi Dayiti nan dat 14 Out 2021. Se te yon tranbleman fòs 7.2 ki ravaje prèskil Sid la epi se dezyèm gwo sekous sismik ki frape Ayiti depi 12 janvye 2010.
Tè a te tranble byen fò samdi maten14 Out la bò 8è30 nan vil Senlwi, nan depatman Sid, dapre Direksyon Pwoteksyon Sivil Ayiti. Anpil moun blese, moun mouri epi anpil kay kraze sitou nan vil Okay, vil Jeremi, komin Lazil, Koray, Pestèl, elatriye. Youn nan moun ki mouri yo se ansyen senatè e majistra vil Okay la, Gabriel Fortuné, ki te twouve l nan otèl Le Manguier ki limenm te tonbe plat atè.
Tranbleman an frape sa yo rele Gran Sid Ayiti a, ki gen twa depatman ladan l: Grandans, Nip ak depatman Sid limenm. Tranblemanntè sa a ki soti nan vil Senlwi, sa yo rele episant lan, te travèse tout Ayiti, soti nan sid pase nan lwès rive menm nan nò, kote gen 2 moun ki mouri. Men se pa t sèl Ayiti ki te pran sekous la, Repiblik Dominikèn, Jamayik, Kiba ak divès lòt peyi nan basen Karayib la te santi l tou.
De (2) jou apre dezas la, kòm pou met apse sou klou, yon siklòn ki rele Gras te pase nan zòn ki afekte yo epi bay anpil lapli. Sa ki te vin mete viktim katastwòf la nan yon sèl grenn soulye paske yo te deja nan lari, e yo pa t gen mwayen pou pare lapli. Anpil imaj moun te ka wè sou rezo yo, se bagay ki te rache kè. Men erezman siklòn nan pa t fè plis dega pase sa e li pat rete twòp sou Ayiti.
Depi yon semèn, anpil efò ap fèt pou pote viktim tranblemanntè yo sekou. Gouvènman Ayisyen ap demele l kou Mèt Janjak, Ameriken ap voye èd ak elikoptè pou rive nan zòn machin pa ka rive yo, Venezyela, Chili, elatriye ap lonje lamen bay konpatriyòt nou yo ki anba tray.
Gen anpil inisyativ sitwayen ap pran tou pou ede viktim yo. Pandan Entènasyonal la ap ede, gen plizyè sitwayen Ayisyen k ap òganize yo pou sekouri frè ak sè n yo. Gen bèl jefò k ap fèt kit se ann Ayiti, kit se nan dyaspora a.
Sepandan, gen anpil mefyans fas ak yon seri òganizasyon entènasyonal k ap mande lajan pou Ayiti. Gou anmè èd tranblemanntè 2010 la nan bouch anpil konptriyòt nou yo ki pa bliye gagòt kèk antite tankou Lakwa Wouj ak Fondasyon Clinton te fè. Gen moun ki anvi bay men yo di y ap chache òganizasyon charite serye yo ka fè konfyans.
Denyè goudougoudou sa a vin pran Ayiti pandan peyi ap jere gwo kriz politik apre sasinay prezidan Jovenel Moise 7 jiyè pase a.
One thought on “Plis pase 2000 moun mouri nan gwo tranblemanntè Ayiti”