
M remake anpil entèlektyèl gen pwoblèm ak teknoloji. Genyen kap kritike l menm pandan yap sèvi avè l. Bagay sa a dwe sispann.
M sonje lè Entènèt te kòmanse devlope, moun legliz te gentan di se djab, yo te di menm bagay la pou rezo sosyal yo tou. Jodi a tout pastè sou Facebook, Twitter, Instagram, Snapchat, YouTube, Whatsapp, TikTok elatriye. Yap itilize zouti kominikasyon yo pou simaye mesaj yo a, yo bliye si se “bagay djab” yo ye. Tout moun ap fè blag sou moun legliz kounye a, yap di gad kijan moun sa yo te inyoran, yo tap kritike yon bagay yo pat konprann epi se yo ki pi cho ladan l jodi a.
Sepandan, se pat moun legliz sèlman ki te kritike nouvèl teknoloji kominikasyon lè yo te fèk parèt, entèlektyèl yo te fè menm jan an. Yo pat di se djab men genyen ki te gentan ekri senkant liv pou di jan Entènèt oubyen rezo sosyal se yon move bagay, kijan yo pral boulvèse lemonn nan yon sans negatif. Pou entèlektyèl sa yo, bagay sa yo pa tap pote anyen ki bon, yo tap fè plis mal pase byen.
Se kritike ase yo tap kritike, yo pat ni chache konprann ni, ni eseye adapte yo, ni gade kijan teknoloji a te ka itil yo. M li plizyè woman Ayisyen kou etranje, yo pa janm gen anyen pozitif pou yo di sou rezo sosyal yo, pa egzanp. Yo sèlman montre kijan lòt moun ap mal sèvi avè yo. Yo toujou pale de bagay sa yo ak mepri nan liv yo. Yo pa rann yo kont liv enprime se youn nan pi ansyen teknoloji ki egziste. Nan lane 1440, enprimri te pèmèt liv ak konesans rive nan men yon bann moun. Se te ekivalan Facebook alepòk. San dout, gen kèk gwo entèletyèl nan tan sa a ki pat kontan lakonesans rive nan men mas pèp la ak vye bagay yo rele liv la. Siman yo te meprize l jan entèlektyèl jodi a ap meprize rezo sosyal yo. Genyen kap plenyen paske tout moun ka ekri epi pibliye kounye a…
Piske se kritike yap kritike sèlman, entèlektyèl yo pa premye moun ki itilize teknoloji ki fèk parèt yo. Kòm yo plis sou rabadja, lòt moun pran devan yo epi jodi a li oblije suiv yomenm.
Lè m fè yo ti chache, m wè se pa ak Entènèt oubyen rezososyo entèlektyèl yo gen pwoblèm, se ak teknoloji an jeneral. Yo sanble pa danse kole ak bagay sa a. Pifò pap pwopoze anyen pou amelyore l men yap avili l nan liv yap ekri pou moun panse yo entelijan.
Lè televizyon fèk parèt, gen yon moun ki te di bagay sa a pap dire. Jodi a televizyon toupatou epi gen emisyon kiltirèl sou yo. Lè yon teknoloji parèt, m pa kwè wòl yon ekriven, yon filozòf, yon sosyològ, se kritike oubyen predi lavni, di bagay la pa pral okenn kote. Ou pa pwofèt. Djòb ou se obsève, kritike pou konstwi (pa pou kraze), bay konsèy, adopte epi adapte w. Ou pa siperyè ni yon gwo entèlektyèl paske w pa itilize rezososyo. Se radòt. Okontrè ou dwe sèvi avè l pou fè yon diferans, fè moun suiv ou paske yo wè wap di epi fè bon bagay ak teknoloji a. E si w entelijan vre, ou ka itilize teknoloji a pou pwomosyon, pwodiksyon, enspirasyon…
Jonel Juste