
Nan seri Netflix ki rele “The Crown” (Kouwòn nan), gen yon epizòd (“Imbroglio”) ki pou yon Ayisyen tankou m pa manke enteresan. Enteresan paske l gen ladan l yon fenomèn pifò nan nou kap viv oubyen ki leve Ayiti abitye avè l: se kesyon blakawout la.
Seri a montre yon sitiyasyon ki te genyen an 1972 kote Angletè te gen blakawout tanzantan. Pou Ayiti, blakawout se yon bagay nomal, se kouran 24 sou 24 ki pa nòmal. Yon fwa m sonje te gen manifestasyon politik Ayiti epi EDH te deside bay kouran an san rete pandan plizyè jou. Sitiyasyon sa a, olye l te fè m kontan, te ban m ke sote (paske m te konnen yo tapral fè plizye mwa yo pa bay kouran an). Se pita m te vin konprann se te yon desizyon politik pou kraze manifestasyon ki tap fèt pou jete gouvènman an.
Si blakawout nòmal Ayiti, se pa menm bagay nan gwo peyi devlope tankou Etanizi oubyen Angletè ki pa gen pwoblèm enèji elektrik. M pa di pa janm gen blakawout nan peyi sa yo men blakawout la pa twò kouran. Sof si ta gen yon gwo katastwòf ki pase, anjeneral peyi devlope yo pa gen pwoblèm elektrisite. Dènye fwa m te pran plizyè jou blakawout se lè siklon Ima te pase Florid nan lane 2017. Apre sa si yon moun pa ta gen kouran, se swa gen yon pwoblèm nan poto kouran nan katye a oubyen moun nan pa peye konpayi elektrik la. Yap debranche w e tout moun nan katye a ap konnen w pa gen kouran paske w pa peye.
Pou n tounen sou seri Netflix la “The Crown”, sa te yon ti jan dwòl pou m wè yon peyi tankou Angletè tonbe nan blakawout. Sitiyasyon an te tèlman mangonmen menm Rèn Elizabèt te nan fènwa, se ak balèn li te oblije klere je l nan Palè Bokingam. Bagay la te komik. Men se pat siklòn ki te pase Angletè ni se pat pwoblèm kouran yo te genyen vre. Se te yon pwoblèm sosyopolitik. Se moun ki tap travay nan min chabon (ki te nesesè pou founi enèji elektrik) ki te tonbe fè grèv pou pwoteste kont move sitiyasyon yo. Youn nan jan pou yo te manifeste se te fèmen plizyè min chabon nan peyi a. Minè yo te vle pou yo ogmante salè yo men gouvènman Britanik lan pat dakò. Gouvènman an te pito kanpe anfas travayè min yo epi fè dilatwa jiskaske mouvman revandikasyon an kraze. Premye minis epòk la te di rèn Elizabèt li gen rezèv enèji ki ka dire jiskake kriz la pase.Men kriz la pat vle pase. Minè yo te kanpe kingalaganach sou revandikasyon yo.
Lè gouvènman an wè sa,li te pran yon seri de mezi pou fè ekonomi kouran. Yo te mande Anglè yo redui konsomasyon kouran an epi konpayi kouran Britanik la te bay blakawout tanzantan tankou sa fèt Ayiti. Tout moun, tout kote te nan blakawout. Nan Palman britanik lan, palmantè yo te oblije fè seyans nan limyè bouji; nan palè rèn Elibabèt, balèn te limen nan chak ti kwen. Tout moun te egalego devan fènwa. Sitiyasyon sa te dire 2 mwa konsa. Bagay la te menm komanse dejenere paske l fredi a te rèd. Moun te komanse mouri. Finalman kouran an te tounen lè minè yo te aksepte yon pwopozisyon ogmantasyon salè nan yon elesyon espesyal yo te fè pou sa.