
Lòt jou m tal nan sinema al gade “Joker” epi m tonbe sou yon zanmi kap travay anndan an. Kòm fim nan potko kòmanse, nou te chita ap bay odyans, bay detwa blag pou fè tan pase. Misye ap fè sekirite nan sinema a epi li tonbe rakonte m konpòtman kèk kliyan ki vin nan sal fènwa yo.
Kòm tout tizè fim tankou m konnen, se pa tout moun ki al nan sinema se fim yal gade. Gen tout kalte biznis kap regle. Zanmi m nan kap fè sekirite a rakonte m kisa l konn wè kap pase, ki aksyon yon seri kliyan ki pran woulib sou fènwa nan sal yo. Tankou mizik la di, se fènwa menm yo bezwen pou yon fonksyone. Zanmi an di m gen yon kategori moun se sanzabri ki vin pase tan anndan an. Olye yo ret pran chalè lari a yo pito vin friz nan klimatizè sal sinema a. Yo peye tikè pou yin fim epi yo vle rete pase rès tan an nan sal yo menm lè fim nan fini. Anpil fwa sekirite a oblije mete yo deyò paske yo pa vle moun rete anndan an apre fim nan fini. Men gen sanzabri ki rive kache oubyen chanje sal.
Gen yon dezyèm kategori moun ki al nan sinema a: se famm ak gason ki bezwen yon kote pou degaje yo. Kèk fwa moun sa yo gendwa pa gen ase lajan pou peye yon chanm otèl (oubyen nèg la peng, li pa vle depanse). Fò m di tou sinema sa a se South Beach li ye. Zòn sa a gen anpil otèl men yo pa bon mache. Donk yon nèg gendwa fin pase yon jounen ak yon fi, yal nan lanmè, restoran, klèb elatriye, epi kou lannuit rive, olye yal nan otèl, yal nan sinema ki pi pre a. Zanmi m nan di gen moun ki mache ak tout dra yo. “Depi w wè l fin ta, zòn minui yo konsa, gen koup ki vin degaje yo nan sinema a”, li di m. Lè konsa yo chwazi yon sal ki pa gen moun, yal nan plas dèyè yo (oubyen kote pi diskrè), epi yo kòmanse frape. Sa ki gen dra kouvri kò yo pou yo kache sa yap fè a. “Sa ki gen respè pou figi moun kouvri kò yo men gen vakabon ki rete do touni anndan an. Lè konsa n oblije mete yo deyò “, zanmi sekirite a esplike. An jeneral yo mete moun kap fè bagay sa yo deyò nan sinema a men kèk fwa sekirite yo konn fèmen je sou sa…
M sonje lè m te Ayiti, m te konn tande yo di moun al fè sèks nan sinema menm pat jamm kwè se te vre, antouka pa anndan sal sinema a ( petèt nan twalèt yo). M pa fin wè egzakteman koman de moun ka fè gwo mannèv sou syèj kwense sinema a. Zanmi an di m lè l te Ayiti l te konn frape anndan sal yo menm. Li te jwenn yon jan pou l manevre. Pèsonèlman m pat janm fè bagay konsa lè m tal nan sinema ak mennaj mwen. Nou konn fè sa Moris Siksto ta rele “yon ti fwonte deryen”, men n pa tal pi lwen. M sonje yon lè n tap fè sa epi fi a te manke rele nan sinema a, m te oblije bouche bouch li. M pa kwè anyen tap rive si l te rele, m pa kwè yo tap mete n deyò, m plis sispèk lòt moun ki nan sal la tap trip sou nou. M sispèk yon moun te ka di “bagay la bon!” epi tout moun tap tonbe ri.
Tout sa pou n di se domaj pifò sal sinema fèmen ann Ayiti jodi a. Se pa sèl tizè fim ki viktim men anmoure ak anmourèz ki pa gen lòt kote yo ka ale paske pòch yo pa pèmèt yo.
Jonel Juste