Lè 2 Moun Damou…

chance-the-rapper-snl-video

Lè de moun damou, yo santi yo pou kont yo sou latè, se kòm si pat gen lòt moun bò kote yo. Franse a di « Les amoureux sont seuls au monde ». Lè moun damou yo panse yo pou kont ou vre wi, jiskaske reyalite a ratrape yo. M te manke viktim nan bagay sa a.

M sonje lè m te renmen ak premye mennaj mwen ann Ayiti, nou te tèlman damou, nou te san wont. Tankou chante a di, pat gen kote ki tabou pou n te fè lanmou. Nou pat konn fè sèks an piblik vre men prèske. Ann di pito pat gen kote ki tabou pou n te karese. Nou te konn karese nan transpò piblik, nan lanmè, nan sinema elatriye.

M sonje yon lè nou tal nan Ayisyano sou Channmas. M byen kwè m tap pran kou anglè nan lekòl sa a. Mennaj mwen avè m nou te chita sou yon ban an beton nan lakou a. Rive yon lè, fi a kouche sou jenou m epi l lonje rès pye l sou ban an. Li te gen yon ti bout kòsay sou li, donk tout vant li ak tout lonbrik li te parèt. M pa fin sonje kisa m tap regle ak lonbrik li men nenpòt sa m tap fè a te attire atansyon ajan sekirite oubyen jeran lakou a (m pa sonje sa l te ye). M pa konn kote sitwayen an soti, misye vin kanpe dwat devan nou, je l tou wouj epi m remake lap tranble toupiti. Li fè yon bon ti tan ap gade nou san di anyen, epi alafen li di nou FLANKE n deyò. Mwen menm ak ti dam nan nou leve n ale san bri san kont. Lè n rive nan lari a n tonbe ri.

M sispèk se Bondye ki te sove n jou sa a paske nan eta sitwayen an te ye a si l te gen zam li tap tire nou tou de a. Donk afè moun damou pou kont yo a se bobin. Gen yon moun ki wè w, gen anpil grenn je kap gade w (yo gendwa pa okipe w). M sispèk se pat sèl sitwayen an ki tap obsève nou men lòt etidyan nan lekòl la ki tap gade sèn nan nan fenèt klas yo.

Sak fè m sonje epizòd sa a se yon skètch m te wè nan emisyon SNL sou NBC. Skètch la montre de moun ki damou epi kap vole anlè, kap kraze tout bagay tankou yon machin ki pèdi fren, ki bliye lòt moun bò kote yo.

Jonel Juste 

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: