Èske w ka korije Kreyòl ?

mSTYFxiq_400x400

M toujou tande moun ap di w pa ka korije yon Ayisyen kap pale Kreyòl paske se lang li lap pale. Eske sa vle di fot pa egziste an Kreyòl? Tout sa Ayisyen di bon? Oubyen èske gen yon bon fason pou di ak yon move fason?

Anpil moun panse paske Kreyòl la se lang manman yo, yo ka di sa yo vle ladan l, yo pa ka fè fot, pèsonn pa gen dwa korije yo. Yo di w pa ka korije yon Fransè oubyen yon Ameriken kap pale lang yo paske lang nan anndan zo bwa tèt yo.

Si pawòl sa a ta vre, pa tap bezwen gen gramè fransè oubyen anglè pou montre Fransè ak Ameriken pale pwòp lang yo ankò. Wi yo montre moun pale fransè an Frans, e se toutan yap korije Fransè kap pale move fransè. Se menm bagay la pou tout lang. Si w se Fransè, menm si w leve nan lang nan, men fòk wal lekòl pou pale l ak plis presizyon, pa fè fot òtograf, pou anprann ekri epi reflechi nan lang nan. Lekòl ede w kominike pi byen, fè yon mesaj pase ak klète, kit wap pale kit wap ekri.

Si l konsa pou tout lòt lang, li pa diferan pou Kreyòl paske se yon lang menm jan ak lòt yo. Eske Ayisyen konn fè fot nan pale? Wi! Konbyen fwa m tande Ayisyen kap sèvi ak yon seri fraz oubyen pwovèb nan move kontèks, yo konn menm rive di kontrè panse yo paske yo pa konn sans fraz oubyen pwovèb yo anplwaye a (oubyen yo pran l pou yon lòt). Gen mo Ayisyen itilize ki pa vle di sa yo panse a vre. Gen mo yo pa konnen paske yo pa janm tande mo sa a repete nan zòn bò lakay yo. Gen mo yo itilize nan plas lòt. Gen mo yo melanje sans yo. Gen mo yo mal pwononse paske yo tande l mal.

Kounye a, mwen rekònèt gen yon seri mo ou pa ka korije yo ankò menm si w konn mo li soti ladan l lan. Ou oblije kite l konsa paske tout moun gentan ap sèvi avè l. Gen sa nan lang nan tou. Epitou nou rekonèt yon moun kapab pwononse yon mo selon kote w soti. Pa gen pwoblèm ak sa. Nou plis ap pale pou nouvo mo kap antre nan lang nan chak jou. Kiyès ki pral deside kijan pou mo sa yo pwononse oubyen ekri? Eske gen lòd ki dwe mete nan dezòd oubyen èske pou yo kite jan l pase l pase? Kiyès ki pral deside kijan pou mo yo ekri? Oubyen èske chak moun ka ekri jan yo anvi? M konnen gen anpil moun kap wè sa m di a tankou yon tantativ pou etabli yon diktati nan lang nan, pou di moun sa pou yo di. Men se pa sa l ye. Se pito yon pwopozisyon pou reglemante yon lang, pou pa kite l tankou yon savann, yon fason pou l pa disparèt yon jou.

Yo te di youn nan mal Akademi Fransèz te fè lang fransè a se netwaye l twòp, wete twòp bagay ladan l. Yo di sa te fè lang nan vin manke mo. Petèt se vre, men si yo pat ankadre lang sa a, mete lòd ladan l, li te ka pa egziste jodi a. Toujou gen danje pou yon lang disparèt, se swa yon lòt lang bwè l oubyen yo sispann pale l. Ou ka panse sa pa ka rive Kreyòl, ou ta sezi.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: