Goumen Kreyòl ak Franse, De Lang Peyi Dayiti

Haiti flag  combined with france flagKreyòl ak Franse se de lang ofisyèl peyi dayiti. Jouk jounen jodi a, anpil diskisyon ap fèt sou plas ak itilite de lang sa yo nan sosyete Ayisyen an. Tankou anpil Ayisyen, mwen gen yon rapò konplike ak de lang sa yo. M renmen toulede men li pa fasil pou jere yo. Kèk fwa yap goumen nan tèt mwen. Yo trennen anpil ideyoloji ak yo.

M leve nan Kreyòl paske se lang sa a yo te pale lakay mwen, lakou lekòl mwen, legliz mwen, elatriye. Se nan lekòl m vin fè konesans ak Franse. Pou mwen li te toujou yo lang pou resite leson ak fè devwa. M tap janm pale l nan lavi chak jou m vre. Kèk fwa lang sa a te sanble yon pinisyon, yon bagay yap fòse foure nan lestomak ou, yon manje yap fòse w manje. M te wè franse a tou tankou yon zouti diskriminasyon, li te sèvi pou divize oubyen imilye moun. Li te plis yon obligasyon pou mwen. Kòm mwen te fò lekòl, mwen te woule anba l.

Pandan m tap aprann an Franse nan lekòl, m te vin gen chans etidye kèk matyè an Kreyòl tou. Se te yon bèl bagay, sa te banm chans fouye lang sa a m tap pale chak jou a. M byen kwè m te fè lekti ak matematik an Kreyòl le m te nan klas primè. M te etidye nan liv tankou “Map li ak kè kontan” epi “Mwen fò nan Matematik”. Sa te ban m okazyon aprann Kreyòl pibyen, dekouvri bèlte lang nan. Men byen vit mwen te vin wè limit li tou nan yon seri domèn. Te gen yon seri de bagay m pat ka di nan lang nan paske yo pat egziste. M te menm rive panse Kreyòl la te enferyè poutèt sa. Depi lè sa a, yon batay ant lang Franse ak Kreyòl te eklate nan tèt mwen.

M te fin pa rann mwen kont lang Kreyòl la jèn e m te vle ede l grandi. M sonje yon lè m te gen foli ekri yon diksyonè Kreyòl pou kont mwen. Nan menm epòk m tap aprann Kreyòl lekòl la, te gen yon frè m ki te monitè kanpay alfabetizasyon. Misye te konn pote yon bann liv Kreyòl lakay la. Bagay sa a te fè m gen plis enterè nan zafè Kreyòl toujou. Mwen te li liv Iv Dejan yo e mwen te fin pa tonbe dakò avè l sou plizyè pwen. Youn nan bagay misye te di ki te make m : ou pa ka fòse moun kap ekri Kreyòl ekri nan òtograf Franse a kòm si yo te konnen l, ekri Kreyòl la pa egzije pou konn Franse. Se yon gwo verite anpil ki te pase lekòl an Franse poko ka konprann jouk jodi a. Se sa k fè anpil landan yo toujou vle ekri Kreyòl ak yon òtograf Franse.

Men pandan m tap aprann plis sou òtograf kreyol la, gen yon bagay ki te twouble lespri e m pat fin asepte l nan men Iv Dejan: se kesyon “u” a. An Kreyòl, lèt “u” a pou kont li sanse pa egziste piske pifò mo Kreyòl ranplase l ak « i ». Kòm mwen menm te pase lekòl an Franse, kòm m te pran anpil kout rigwaz pou m te byen pwononse lèt « u » a, m pat fin dakò pou m pat ekri l kote vle tou. Si m vle ekri « lektu », « vwatu » ak « ekritu », se ta tout dwa m paske m te sansib pou ti « u » mwen. Se eritaj mwen, se sa ki diferansye ak lòt moun ki pa ka pwononse bèl lèt sa a, se sa ki montre nivo “edukasyon” mwen, nèspa? Donk m pat dakò pou m te pèdu « u » a lèt m tap ekri e m tap pwopoze tèt plizyè solusyon pou m te kenbe l nan òtograf la. Youn nan premye solisyon, se te ekri “u” ak “i” ansanm (“ui”) nan yon sèl mo, epi chak moun ta va pwononse lèt li pi pito a. Parezgzanp: lektui, ekritui, vwatui, soluisyon, eduikasyon, elatriye. Men sa se te yon solisyon moun fou. M te vin ak yon lòt solisyon tou pou sove son “u” a, son bouch fèmen an nan mo ki gen “tu” ladan yo an franse. Paregzanp mo ta tankou “abituer”, “tuer”, “desabituer” “prostituer”, “situer” te tounen: abitchwe, tchwe, dezabitchwe, pwostitchwe, sitchwe, elatriye. Kwak gen moun ki di mo sa yo konsa vre, men m rekonèt òtograf la te yon ti jan dwòl e menm rizib. Donk m te reziyen m ekri “i” oubyen “y” m fini, menm si m toujou pwononse “u” tanzantan (gen kèk fwa m di “u”, gen kèk fwa m di “i”, selon jan m santi m). Jouk jodi a se konpwomi sa a m jwenn sou kesyon an. Alaverite, ou pa ka fòse yon moun ki abitye di “u” di “i” (ni fòse moun ki di “i” di “u” nonplis). Bagay la tap vin tounen yon diktati, men kanta pou ekri a, ou ka oblije mete yon prensip pou tout moun, yon fason pou evite dezòd. Jouk jodi a zafè lèt “u” a ap fè gwo deba paske se li gen gwo ideyoloji ki kanpe dèyè l.

M sonje m tap goumen pou m sove son “r” la tou nan yon seri mo tankou “chaleur”, “professeur”, “secteur”. M pat vle di “chalè”, “pwofesè” ak “sektè” sèk konsa. Donk kisa m fè? M te mete lèt “a” dèyè tout mo sa yo ki fini ak son “r”. Sa te vin ban m “chalè a”, “pwofesè a”, “sektè a” elatriye. M te vin sonnen tankou yon moun Okap. Lide a te bèl men m te bay vag. M pa moun Okap.

Anpil ane pase, m desann Bakaloreya, m te fin bay zafè ekri Kreyòl la vag nèt. Antretan, m te plis fokis sou Franse a. M te vin tonbe damou pou liv, m te gen yon kat bibliyotèk nan “Institut Français d’Haïti” pandan m te nan Reto. M te vin renmen li tout kalte liv ak magazin ki soti an Frans, donk ki te an Franse. M te vin dekouvri yon bann bagay nan lang sa a, m te vin ap vwayaje anndan liv yo, m tap dekouvri lemonn atravè lang Franse a. M te swaf li liv. Donk lespri m pat sou lang Kreyòl la ankò. Met sou sa, lè m te fin fè Filo epi m antre nan inivèsite, m tal patisipe nan yon konkou Frankofoni nan Fakilte Legwistik Aplike (FLA) defen Pierre Vernet tap dirije alepòk. Mwen te genyen konkou a! M te sezi. Sa vle di nivo Franse m te wo. Konkou frankofoni sa a te pèmèt mwen monte avyon pou premye fwa nan vi m. M tal Kanada. Se te an lan 2000. Kreyòl la te pèdi m nèt.

Lè m te tounen Ayiti, m te kontinye ak etid inivèsite mwen, m tap chache lòt okazyon ankò nan lang Franse pou m te fè lòt vwayaj, men m pat jwenn. Ansuit, m vin al patisipe nan yon konkou jounalis Le Nouvelliste te fè. Se konkou sa a ki te pèmèt mwen antre nan jounal sa a kote m tap ekri an Franse pandan 4 an (e dapre kèk fidbak m te resevwa, m genlè pat pi mal pase sa). Sepandan, m pat pèdi kontak ak Kreyòl la nèt (m te toujou pale l, m pat ekri l twòp pase sa). Apre vwayaj mwen Kanada a, m te vin repran kontak avek ekriti Kreyòl pandan m te nan yon bibliyotèk bò lakay mwen ki rele “Bibliothèque Justin Lhérisson” (BJL). M te vin rekòmanse ekri an Kreyòl, fè pwezi, ekri ti istwa, li anpil ekriven kreyolofòn tou. Se lè sa m vin wè te gen anpil pwodiksyon ki fèt nan lang Kreyòl la, kit se nan domèn pwezi, literati, filozofi oubyen syantifik. M te tonbe sou liv tankou « Plant ak pyebwa tè dAyiti » Agwonòm Francois Severin  te ekri, oubyen yon tradiksyon “Le Prince” (Nicolas Machiavel). Sepandan, pifò liv an Kreyòl m te wè se te pwezi ak literati. M pa konn si se paske moun ki tap pwodui an Kreyòl la se plis powèt ak womansye yo te ye.

Lè m te kite BJL, m te vin dekonekte ak zafè ekri an Kreyòl la ankò. M te plis konekte ak Franse paske m te bezwen lang sa a pou m travay kòm jounalis. Pifò medya ann Ayiti, sitou medya ekri, se an Franse yo fonksyone. Jouk jounen jodi a poko gen yon jounal kap soti chak jou oubyen chak semèn an Kreyòl. Gen moun ki di se paske pifò moun ki konn li ann Ayiti se Franse yo li, Kreyòl se plis yon lang moun pale, yo pa twò renmen li l ni ekri l. Kididonk Ayiti gen de lang, youn pou pale, youn pou li ak ekri.

Mwen vin repran lang ak Kreyòl la anko lèm kite Ayiti an 2011. M tal rete Mayami ki se baz Kreyòl nan Dyaspora a. M te vin rann mwen kont gen plis pwodiksyon ki fèt an Kreyòl Mayami pase Ayiti. M te remake tou lang Kreyòl la gen plis enpòtans nan biwo Leta Etazini pase Ayiti. Nan zòn kote ki gen anpil Ayisyen tankou Mayami, Nouyòk ak Boston, yo tradui anpil dokiman an Kreyòl. Ou wè afich an Kreyòl nan lari, nan transpò piblik elatriye. Moun ki nan Dyaspora a plis ap defann Kreyòl la pase moun Ayiti. Gen klas Kreyòl nan tout gwo inivèsite Etazini. Ayisyen kou etranje ap aprann lang nan, ap travay epi fè rechèch sou li. Se te yon gwo chòk pou mwen.

Batay Kreyol ak Franse a travèse fwontyè e nan kèk kote Etazini se Kreyòl la kap mennen. Pesonèlman, m pa rayi Franse, ni m pa gen pwoblèm ak okenn lang. Okontrè yon lang tankou Franse itil mwen anpil menm nan yon peyi ki pa twò frankofòn tankou Etazini. Kreyòl la limenm gen anpil valè bò isit. Piske Etazini se yon peyi imigrasyon, lang se yon zouti ki enpòtan, e lè gen yon gwo kominote ki pale yon lang, yo oblije ba l respè.

Yo menm konn konfonn Kreyòl ak franse pa bò isit. M te rankontre yon Fransèz yon fwa, manzè te di m lè l fèk antre isit, yo te ba l yon seri dokiman an Kreyòl pou l li yo. Manzè te oblije di l pat konprann. Mwenmenm, men kòman m jere zafè Kreyòl ak Franse a: si yon moun pale Kreyòl, m pap pale Franse avè w. Si w se yon Fransè ki pa konprann Kreyòl, map pale yon lang ou konprann. Pwen final.

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: