Eske w ta renmen al viv sou yon lòt planèt?

marsAn 2013, yon konpayi prive Lawolann ki rele Mars One te lanse yon petisyon sou Entènèt pou envite moun al viv sou yon lòt planèt. Plis pase 200 000 moun te enskri pou al patisipe nan yon misyon tèt chaje kap mennen yo sou planèt Mas an 2027.

Nan tout 200 000 moun sa yo yap kenbe 100 epi apati 2027 yap voye 4 premye moun pou kòmanse etabli yon koloni spasyal. Si sa mache, yap voye 4 lòt ankò chak dezan jiskaske tout 100 moun yo vin ale. “Masyen” sa yo pral komanse yon lòt lavi lòtbò a epi yo pap ka retounen sou latè. Yap pase rès lavi yo sou Mas. Eske se yon eksperyans ou ta anvi fè?

Pifò moun sou latè pa enterese al viv sou yon lòt planèt, sitou lè yo konnen planèt sa a pa gen lavi ladan l, sitou si yo konnen yo pap ka retounen kote yo te soti a. Gen moun ki di se yon misyon suisid, kòmkidire se mouri yap voye moun al mouri. Men moun ki aksepte ale sou Mas yo di konsa yo fyè dèske yo pral antre nan Listwa kòm premye moun ki al viv sou yon lòt planèt. Menm si yo mouri, zafè.

Sa gen 50 an, lide pou moun al abite sou yon lòt planèt te sanble yon bagay moun fou, men depi lòm te fin poze pye sou lalin, gen moun kap reve je klè lèzòm ka al viv sou lòt planèt ki nan sistèm solè a, alewè nan lòt sistèm oubyen galaksi kote ki ta gen lavi. Syantifik yo fin fou ap chache lòt planèt ki gen lavi sou yo menm jan ak tè a. Yo prevwa latè gen pou l disparèt yon jou donk depi kounye a fòk moun ta kòmanse chache yon lòt planèt derechanj.

Jonel Juste 

 

 

 

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: