Gen yon gwoup pwotestan Etazini (ak Ayiti tou), depi yon katastwòf natirèl pase yon kote, kit se yon siklòn ou yon tranblemanntè, yo kouri di se Letènèl kap frape pou pini peche lèzòm ki fè twòp sou latè.
Apre 12 janvye 2010, Pat Robertson, yon pastè Ameriken, te di se poutèt Ayiti te fè kontra ak Satan pou yo libere anba Lafrans ki fè dezas la te rive. Lè siklòn Katrina te ravaje Lwizyán an 2005, pastè Robertson te di se poutèt twòp avòtman ki te fèt nan zòn sa a. Pastè Franklin Graham limenm te di se twòp banbòch ki te fèt Lwizyàn ki fè Bondye touye prèske 2000 moun la. Lè siklòn Sandy te pase Nouyòk an 2012, yo te di se paske Nouyòk twò liberal ki fè Bondye te pini l.
Men kounye a yon gwo siklòn pase nan vil Houston, Texas, kisa yo pral di? Texas se youn nan Eta ki pi pwotestan Etazini, se la pi gwo legliz yo ye. Se la pastè Joel Osteen ak TD Jakes ye. Legliz sa yo konn gen plis pase 40 000 moun. Yo rele yo Mega-Church. Texas nan sa yo rele Etazini “Bible Belt”, sa vle di baz pwotestan fondamantalis.
Donk èske se Letènèl kap frape Texas poutèt twòp peche ki fèt nan zòn sa a oubyen se sèlman yon katastwòf natirèl tankou sa te fèt Ayiti, Nouyòk, Lwizyán, elatriye? Pou mwenmenm, moun pa ta dwe kouri lage chay sou do #Bondye alòske se lanati kap frape. Lanati avèg, li pa konn pèsonn. Li pa konn ni kretyen ni bon moun ni vakabon ni magouyè ni vòlò ni moun ki gen move mès, ni bwesonyè, li frape tout moun. Kanta Bondye limenm, li gen yon jou pou l jije tout moun. Jou sa a se pa siklòn ak tranblemanntè lap voye. Lap vin jije limenm menm, e tout moun va rann kont pou sa yo te fè.
Jonel Juste