“Bay Epi Pran Foto”

 

img_20161012_143822“Bay Epi Pran Foto”, sa se  yon slogan atis JPerry lage sou Entènèt la apre anpil moun kritike misye poutèt li pran plezi fè foto moun lap fè charite apre siklòn Matye te fin pase Ayiti. Moun yo kritike animatè radyo Carel Pedre poutèt menm bagay la tou.

Apre ouragan Matye te fin ravaje depatman Sid, Nip ak Grandans Ayiti, plizyè kategori moun te vle pote popilasyon zòn sa yo sekou. Pami moun sa yo gen patikilye, kandida, filantwòp, Dyaspora, animatè radyo elatriye. Gen plizyè atis tou ki te vle ede pèp la pase moman difisil sa a. Pami atis sa yo gen chantè JPerry ki fè anpil pale anpil sou medya sosyal yo (Facebook, Instagramm etc). Poukisa? Paske pandan misye ap bay manje, medikaman, rad, matla, li pwofite pran foto moun ki sinistre yo mete sou Facebook ak Instagram. Gen yon kote misye mete foto yon ti madanm ki kanpe bò kote yon matla epi misye ekri ann anglè “lap gen yon bon matla pou l kouche kounye a”.

img_20161012_131936Foto sa yo te pwovoke divès reyaksyon sou rezo sosyal yo. Gen moun ki te bat bravo poutèt JPerry ap bay. Yo te di misye gen bonkè, lap ede moun ki nan bezwen. Gen lòt moun ki te kritike atis la paske lap imilye viktim siklòn nan lè l pran foto yo epi poste yo sou Entènèt. Yo te di atis la pa respekte diyite moun. Gen lòt moun ki te ajoute JPerry se pwòp tèt li lap voye monte, se “show off” (djòlè) lap fè paske rezo sosyal se kote moun fe pwomosyon  pèsonèl. Lè Jperry vin wè sa, misye oblije fè yon videyo kote li esplike poukisa li pran foto yo. Misye di se pou l ka ankouraje moun bay, li vle fè bay vin “alamòd”.

fb_img_1476292706593Gen yon lòt sitwayen yo kritike tou pou zafè “bay epi pran foto a”. Se animatè radyo Carel Pedre ki  te distribye materyo konstriksyon ak manje apre katastwòf la nan zòn sinistre yo. Si gen moun ki te bat bravo pou jès la, gen lòt ki te kritike Carel paske misye te poste videyo moun ki tap resevwa bagay sa yo. Yo di se imilye Carel tap imilye moun yo. Anba pòs Facebook Carel la, yo poste yon avètisman “Association Haitienne des Medias en Ligne” ki di konsa: “Pandan katastwòf, pa mete imaj moun ki viktim yo sou rezo sosyal yo, pa fè foto sinistre yo pandan yap pran liy pou resevwa èd, pa imilye yo”. Gen lòt moun ki poste yon karikati ki montre yon mesye kap bay pòv charite pandan lap pran yon sèlfi.

Ka Carèl ak JPerry a bay reflechi. Li ouvè pòt pou yon gwo deba. Li soulve plizyè kesyon etik. Eske bay oblije yon aktivite sekrè? Eske gen yon fason pou bay epi pou montre sa? Eske rezo sosyal se pi bon kote pou montre wap bay ? Nan deba kap fèt la, gen moun ki di se toutan ONG ap montre foto moun yap bay san pèsonn pa pwoteste. Kesyon : Eske Carel ak JPerry se ONG yo ye oubyen yo reprezante ONG? Eske de mesye sa yo pran foto ak videyo pou montre yo byen itilize lajan yo resevwa epi al mande ankò? Eske yon òganizasyon charite, yon enstitisyon tankou legliz ka montre lap bay, tandiske yon endividi pa ka montre charite lap fè a? Eske finalman se entansyon ak motif ki dèyè bay la ki konte? Anpil kesyon. Deba a ouvri.

Jonel Juste

 

 

 

 

Advertisement

Author: jjuste02

Journalist, Communication Specialist, Social Media Marketer, blogger, writer, etc.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: